Prezidan-J. Perry

Genre-Other
Year-2013
Produced By-Ti Ansyto "Maestro" Mercier
Mwen anvi prezidan tou
Yon jou m'ka prezidan tou

Tankou yon bato k'ap navige
Fò m dirige lavi m yon kote
Pou m ka rive lwen
Se konsa m'fè lespri mwen mache
Disiplin ak pasyans m'adopte
Pou'm trase yon chemen
Yon jou m'ka doktè
Mwen ta ka enjenyè
Pouki pa profesè
Nenpòt kote m'vle rive, m'ka rive!

Mwen anvi prezidan tou
Yon jou'm ka prezidan tou

Ayiti se pou nou tout li ye
Nou chak gen yon role pou nou jwe
Fò n pa bliye nou pa poukont nou sou tè sa a
Sèl nan l'union nou ka soti nan mizè sa
Tankou yon match football, fò nou ka bay gòl pou Ayiti chanpyon
Nou nan menm ekip, respekte prensip pou'n sove yon nasyon
Yon jou m'ka doktè
Mwen ta ka enjenyè
Pouki pa profesè
Nenpòt kote m'vle rive, m'ka rive!

Mantalite nou se premye sa pou'n change woh oh oh
Anou viv nan lanmou ak anpil positivite
Fò'n pa pran peyi sa pou jwet adye
Gen de bagay nou pa dwe aksepte
Sinon nenpòt moun a panse panse panse
Ke yo ka prezidan tou!

Yon jou ya prezidan tou
Ya panse yo ka prezidan tou
Ya rive prezidan tou
Pa pale, m'ap pale
Lè m finn pale, wa pale
Si'w pale, m'pap pale
Lè w finn pale, m'a pale

Mwen anvi prezidan tou
Yon jou m'ka prezidan tou