Pwofesè Lekòl -Joe Jack

Genre-Bolero
Year-1995
Mwen sonje lèm te jèn gason
Mwen te renmen yon ti pitit
Si nou konnen kisa li fèm
Kwak sa pase lontan
Chak fwa m rete sonje
Se kriye kem anvi kriye
Gen de moman nan lavi yon moun

Gen bagay kew pa sa bliye
Machèw san charite ala ou malonèt
On jou bondye gen pou piniw
On jou dimanch aprèmidi
Li twouve banm yon randevou
Pou nal pale de ti pawòl
Li reyini zanmi l pou yo sa vin koute Tout ti koze kem tape dil
Lèm vin konn sa
Mwen tèlman gen lapèn
Mwen te kwèm pa tap viv ankò
Machèw san charite alò ou malonèt
Yon jou bondye gen pou piniw
Ou twouve menm te di konsa
Yon nonm tankou mwen menm
Kisa pou ta va fè avèm
Ti pwofesè lekòl touche swasann dola
Nan ki sèso pou ta kwokem
Ou diw anfòm ou gra ou bèl fanm
Se pa mwen ou tap bay gaspiye w
Machèw san charite ala ou malonèt
Yon jou bondye gen pou piniw
Anpil ane vini pase, chak moun ap viv on bò
Chacun pour soi et Dieu pour tous
Dènyèman m gen nouvèl yo dim afè ou bon
E ke menm ou g?on kay nan kwings
Mwen menm mwen nan peyi m map viv kanmèm
Aprè dye m pap mande charite
Ma chè jou va jou vyen
Te mèt nan nan zèl trennen
Konnen yon jou na rankontre
Lè mwen rete mwen reflechi
Sim rete m byen panse
Mwen pa regrèt ou te kitem
Sil saji de Bèl fanm, bèl fanm anfòm pasew
Kounya se mwenk ta montrew sa
Malgre imilyasyon m, touman soufrans lapenn
Akoz de ou kem te sibi
Machè m pap sa bliyew menmsi yo dim sanwont
Se premye fanm kem te renmen
Malgre imilyasyon touman soufrans lapenn
Akoz de ou kem te sibi