Avwe-Kreyol La

Genre-Konpa
Year-2012
[Verse]
Baby mwen, vle mete w an konfyans
Pou bouch yo ba nou chans
Pou n viv
E mwen, vle di w kiyès mwen ye
Rakonte w tout pase m
Epi montre w tout lank ki tache vi mwen
Pou w posede mwen san doute
E kreye pwòp konplisite
Avan yo vin di w, lese mwen avoue

[Keyboard]

[Guitar]
Fò w konteste dosye
Pawòl ka pale

[Keyboard]

[Chorus]
Avoue la verite
woyy oze di w tout sa ki oze
Avoue la verite
Pale sa gason toujou pè pale
woyy oze di w tout sa ki oze
Avoue la verite
Pale sa gason toujou pè pale

[Verse]
Mwen pase plizyè fi
Men cheri mwen pa wont di w
Si m eseye f on lis
Mwen pa kwè m ap janm ka fini li
Pa mande m tanpri
Konbyen nan yo m te renmen
E pa mande m non plis
Konbyen nan yo
M kite yon bon matin

[Chorus]
Avoue la verite
Woy oze di m tout sa ki oze
Avoue la verite
M ap pale pale cheri
Sa gason toujou pè pale

[Keyboard]
Maestro I know you got my back
Mwen viv ak Stefanie
Dòmi kay Natalie
Se vre m ta Melanie
Cheri mwen file bon zanmi w tou
Men m pat bon non

[Guitar]

[Verse]
Pòtoprens fonksyone an CIA
Pa gen moun yo vle yo pap jwenn dosye l
Lasosyete dèfwa san pitye
Lè yap bay curriculum vite w
Pa gen anyen nan vil sa k pa pale
Verite ou sa yo envante
Mwen pa vle anyen etone w
Cheri, pito mwen

[Chorus]
Avoue la verite
Woy oze di m tout sa ki oze
Avoue la verite
Pale sa gason toujou pè pale
Avoue la verite
Oze di w tout sa ki oze cheri
Avoue la verite
Pale sa gason toujou pè pale

[Verse]
Mwen renmen w anpil oooo
Nan vi m mwen vle genyen w a tout prix
Fè m konfyans tanpri
Pa pè mande m lè on zanmi vin di ou
Se yon gwo sakrifis
Pou mwen avè w pi byen pi plis
Padone m e apresye m
Paske m ap pale pale pale