Bòkò-Enposib

Genre-Konpa
Year-2020
Mwen tonbe pou li ankò

[Verse 1]
E se vre w tap ban m manti
Sa vle di w pat janm renmen m vre
Ou fè tout vi w ap maltrete m
Sa pa gade w si m ap soufri
Menm si w nan kè m m pa vle w rete
Ou konn doulè m men ou pap chanje
Chak sa ou fè m anvi lage cha
Men m la pi rèd

[Chorus]
Mwen tonbe pou li ankò
E m damou ankò pi fò
M ap tou pase kay bòkò
Pou m sispann renmen l si fò

Si fò, si fò (Mwen tonbe pou li ankò)
Si fò, si fò (M ap fout pase kay bòkò)

[Verse 2]
M pase kay gangan pou m wè si m ka jwenn
Yon remèd ki pou wete m nan lapèn
Si w ta ka wè m vire nan sa k mistik
Fè wout mwen pa konnen pran tout kritik
Fon jan pou mwen m ap sipliye w
Mwen la pi rèd

[Chorus]

[Keyboard Solo]
Cheke cheke cheke djaz ou

Bòkò vin sove mwen, nanm mwen kite kò mwen
Ouvè baryè pou mwen, mwen pèdi tèt an mwen
Bon zanj mwen fin ale souf mwen prèske koupe
Di yon mo pou mwen souple pou m wè si m a chape

Genlè genlè genlè genlè
Genlè mwen pral pran lwa – pran san w Ti Nico
Genlè mwen pral pran lwa – pran san w Ti Nico
Men genlè mwen pral pran lwa
Bòkò fè m resezi m

[Guitar]
Sove m
Sove m oh
Fon demare bann nan (4x)

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016