Lanmou Fasil-Vayb

Genre-Konpa
Year-2017
[Intro]
Tou dou dou dou

[Verse 1]
Mwen pèdi sans mwen
Mwen debousole
Mwen pèdi souf mwen
Mwen bouke sipliye
Emosyon m pèdi koulè
M aksepte mwen nan erè
Mwen dezole pou sa k rive
Mwen chèche piwo baby
Mwen bouke mande Bondye
Eske se nou k twò konplike

[Chorus]
Lanmou fasil tankou 1 2 3
Yon ti fache 4 5 6
Nou rekonsilye 7 8 9
Tout bagay ok
Lanmou fasil tankou 1 2 3
Fò n tolere 4 5 6
Fò n sakrifye 7 8 9
Tout bagay vin nèf
Se konsa lanmou ye
[Verse 2]
Mwen pèdi tèt mwen
Mwen dekouraje
Reveye nanm mwen
Fè m wè verite
Nan dòmi m ap chèche w (mwen chèche w)
Menm je klè m pa wè w (ou ale)
O ou s on lago kache ki met tout vi mwen tèt anba
Mwen chèche piwo baby
Mwen bouke mande Bondye
Fè nou wè reyalite

[Chorus]
Lanmou fasil tankou 1 2 3
Yon ti fache 4 5 6
Nou rekonsilye 7 8 9
Tout bagay ok
Lanmou fasil tankou 1 2 3
Fò n tolere 4 5 6
Fò n sakrifye 7 8 9
Tout bagay vin nèf
Lanmou ka fasil

[Keyboard solo]
Cheri m mande w padon
Cheri men MG wi
Nou nan lari a
N ap chèche on Vayb
Kite m Vayb

Wo wo wo m agenou nan pye w

[Pre-hook]
Mwen di yon ti pale, yon ti koze
Te ka regle menm senplifye ti pwoblèm ki te pase
Yon ti pale, yon ti koze
Te ka regle menm senplifye ti pwoblèm ki te pase

[Hook]
Baby mwen di w nan Vayb la nou fè ti kont
Nan Vayb la rekonsilye
Nan Vayb la nou fè lanmou
Nan Vayb la
Wo
Cheri vini nan Vayb la nou fè ti kont
Nan Vayb la rekonsilye
Nan Vayb la nou fè lanmou
Nan Vayb la
Wo

Cheri n ap tann ou

Wo wo wo m agenou nan pye w

[Chorus]
Wo lanmou fasil tankou 1 2 3
Yon ti fache 4 5 6
Nou rekonsilye 7 8 9
Tout bagay ok
Lanmou fasil tankou 1 2 3
Fò n tolere 4 5 6
Fò n sakrifye 7 8 9
Tout bagay vin nèf
Se konsa lanmou ye

[Outro]
Tou dou dou dou


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016