Pou Manman'm-Zenglen

Genre-Konpa
Year-2002
Produced By-Ritchie
[Chorus 1]
Depi m' piti n separe
Se pa avèw mwen leve
Se pa avèw mwen grandi
Tout sa se fòt lavi
2x

Une étoile de midi
Un soleil de minuit
Konsa 'm santi'm depi manman mwen mouri
Li t'ale Miami pou l'al chèche la vi
Depi'l rive se redi la'p redi
Maladi lanati subitman li mouri
Chans pou mwen ak ti frè m yo n' te gentan pati
Men sa pa anpeche ke nan vi nou li manke
Moso manman pa janm ka ranplase
Si lèzom te konsyan d'inpòtans yon manman
Yo ta va selebre l 365 jou lan
Manman s'on job ki san konje
Manman pa gen jou ferye

[Chorus]

[Chorus 2]
M'pral lapriyè m'pral nan simetyè
Ak de bra m anlè ala mizè woy
Panse ak lanmò pandan gen lavi
Bal dyaman ba l lò wa va beni wo

L'ale se le destin ki vle frè m siye je'w
Lè w wè l'ale li pap resusite mèt rele kriye
L'ale se le destin ki vle frè m konsole'w
Lè' w wè l'ale li pap resusite mèt rele kriye

"My name is Zenglen always always"
"Meditation"
Mommy I miss you, it feels like yesterday you were around
We were happy
I will always love you

[Chorus 3]
Respekte manman w renmen l
Adore manman w renmen l
2x

Manman se reprezantan Letènèl sou latè
Yon kay ki san manman pa gen poto mitan

Oh Bondye poukisa ou t'oblije pran'l deja
Li ta fier jodia pou l ta wè ti Richard

Manman pa gen jou ferye
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016