Tèt Frèt-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2014
[Intro]
Ou pito viv cho nèt
Mwen menm m chwazi ret tèt frèt

[Chorus]
Zanmi pa fè sòt ou avè m
Ou di w onèt poutan w toujou sou rakèt
Tanpri pa jwe jwèt sa avè m
Ou di ou dwat yo finn konnen w kòm chat

[Verse 1]
Pouki yon moun vle rive lwen
Li chwazi chemen ki pi kout la
(pi kout la, chemen ki pi kout la)
Pouki yon nonm vle viv tèt frèt
Li chwazi chemen ki pi cho a
(pi cho a, chemen ki pi cho a)
Ala traka pou diyite
Ala mizè pou pèsonalite
Ala yon tray pou la pasyans
Sa se yon tristès pou konpetans

[Chorus]
Zanmi pa fè sòt ou avè m
(Ou pa ta fè m sa)
Ou di w onèt poutan w toujou sou rakèt
Tanpri pa jwe jwèt sa avè m
Ou di ou dwat yo finn konnen w kòm chat
(Mèt dam, gade lè w)

[Shabba]
Pa ban m anana pou sizann
Bannaann peze pou papita
M voye dlo
M pa mouye pèsonn
Si w santi w mouye

[Hook]
Tòde, tòde kò w …

M ta gade w m ta « yas »
Men miray la wi « Jeriko »

Tòde, tòde kò w …

[Koral]
Ou pase tout moun yo nan betiz
Ou woule
ou woule sosyete a nan farin
(oh my God)
Ou Woule
Ou woule tout zanmi w yo nan farin
Ou woule, ou woule

Pa gen wout pa dèyè zanmi
Konnen twou manti pa fon
Li te mèt apre senkantan
Y’ap wè tout sa w fè ki pa bon
Y’ap bare w la
Ou p’ap jwenn wout pou ou mawon

Ou woule, ou woule
ou woule sosyete a nan farin
(Nou chak fè chwa pa nou)
Mwen chwazi pou m viv tèt frèt
Ou chwazi pou w viv cho nèt

Zafè w, Zafè w, Zafè w
chay sa m paka pote l …
chay sa m paka pote l …
Zafè w, Zafè w, Zafè w
chay sa m paka pote l …
chay sa m paka pote l …
chay sa m paka pote l …

Lavi pi enpòtan pase lajan
An verite li pi enpòtan
Lavi pi enpòtan
Lavi pi enpòtan pase byen materyèl
An verite li pi enpòtan
Rale kreyon w make l…

Pou vinn milyonè ou pa oblije
Pou ou nan vòlè
Menm si w gen pouvwa
Ou pat sipoze vyole lalwa
Wi ou renmen lajan
Men sa lavi w ki enpòtan
Mwen pito poze
Pase dada m nan recho
Gen lè w bliye
Lavi sa se yon eskalye
Ou vle monte tèt syèl
San w pa monte mach

W’ap patinen
Ou pral patinen…

(Si n renmen lavi nou pase tout bagay,
pèp ayisyen an n chante, tout moun)

Lavi pi enpòtan pase lajan
An verite li pi enpòtan
Lavi pi enpòtan
Lavi pi enpòtan pase byen materyèl
An verite l pi enpòtan
Si w gen radyo tande…

Pou vinn milyonè ou pa oblije
Pou ou nan vòlè
Menm si w gen pouvwa
Ou pat sipoze vyole lalwa
Wi ou renmen lajan
Men sa lavi w ki enpòtan
Mwen pito poze
Pase dada m nan recho
Gen lè w bliye
Lavi sa se yon eskalye
Ou vle monte tèt syèl
San w pa monte mach

W’ap patinen
Ou pral patinen…
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016