Bay Bondye On Beat-Baky

Genre-Afro/Dancehall
Year-2022
Produced By-Sous Bit
Lyrics By-Baptista Lugendy Saintibert
met limyè sou mwen
m vle pou rap kreyòl resevwam janm ye a,
pa bezwen mete filter sou mwen
leternel vide siksè sou mwen
kòm lèzòm paka blokem, so yo lage nan fè rimè sou mwen
manti al rapid, verite konn pran tan
map toujou responsab sam di, men fwa sa m anvi fè w konprann
defwaw ka chanje rad, men yon rad pa dwe chanje w
sak fè m fè rap ap rete epi chante ap ret chante (bref)
nap fèl pou lajan, fuck koutwazi
ant sa w renmen ak sa w bezwen, se sa w bezwen an pou w chwazi
m ka chwazi fè n ri menm pa yon blag
tan pou m al esklav nou anwo, twòp ògèy, m ta prefere al viv kon wa anba
map kouri fon lòt si m wè sa pa mache
m son nèg kap chache pèfeksyon pandan pèfeksyon pap chache m
yo mete kwa pou rapè, m pran kwa m mete l sou do m
so m pap dakò chita atè si m wè bouda lòt yo sou tron
yap met pyèj, e menm yo menm tonbe nan twou an
kolonel dil pa gou nan djol, moblije chanje gou an
e pou nou k tap tann retou an (rapè)
imajine yon baky 10 fwa pi fò ke janl te fò lè l te pi fò ke nou an
premye rapè ki jwenn manda nan tiye beat
moblije raplen kiyes mwen ye kek nan nou bliye vit
tandiske nèg yo fè plan pou livre m
yo pap rive gen nèg ki ta byen vle reponn men yo pa gen pwa beef vre
m konn replik mwen yo ka twòp so m pa fokis sou sa sa yo di
lè m fè 8 yo pa dakò lè lòt fè 4 yo aplodi
tout nèg vle mete m anfas sak anba dwe ret anba
di yo nèg okay pa konn lach so yon konba ret yon konba
e m pap janm kite rap, se li m pran pou metye
e tant defi pi gwo, se tant mwen map pran plezi pou leve l
vrai definisyon atis pèp
m pa pè menm jay z sou track, komanw ta kwè baky ta pè blaze one ak krispèk
montre moun siksè w, lap krache sou efò w
nou di m pa fò, rap bese, why se mwen n rele pou ranfò
twop sijè ke n paka trete
twop raketè
frèm non w hmi de chawa pete si gon wa son wawa wewe
si w pa dakò m fè plas so deba
tout fo pwofèt vle pran plas omega
e neg zo koko yo te fou si non konfli yo pran on zonbi met anfas koudeta
Roody on jou fò m ta call ou,
m sispèk siksè fè tèt ou vin twò gwo pou epòl ou
m vle vin palavè w just pou w pa pedi wout
gran frè, wè moun anvan kob sinon kob ap fè w pèdi moun
dayè rap kreyol pa gen twop
sak pa genyen pa sòt
comme a dit youss, nou pa rich, nou just kèk malere ak kob
maprann kreye plas pou m pa bezwen plas lòt
e m kwè si w egziste toujou, se paske game sa still bezwon maskòt (miaww)
donk pou n te wè m fò, fom tal antre nan beef
si m tap swiv nou, m tap tonbe nan vid
se pou sa nan mond mwen poukòm,
m pap chache konpetisyon, sinon m tap just bay bondye yon beat