Dialogue-Manno Charlemagne

Genre-Afro/Dancehall
Year-1978
Dialogue

- Chanje mèt chanje metye
Pap gen anyen k pi serye
Wout la deja mal trase
Nou deja konn sa k ap rive

- An n fon w ti pale a de
An n fon w ti koze a de
Met verite nou sou je
Pou yo pa ba n vye chay pote

- Ou gen w sekrè Marco? - Non
M bezwen lajan m achete oun pikwa
Pou m fouye twou pasi pala
Pou m antere mò k pa gen dra

Ou konn lajwa Manno? - Wi
M jwenn yon djòb nan w vye faktori
Yo ban m triye diri k twò mi
Pou m pase bon tan m lan dòmi

Veye non veye non veye non veye non
Veye non veye non veye non veye non

Ou gen w parenn Marco? - Non
M pa gen w òkès filamoni
M gen w enstriman k manke kòd mi
M ape chante pou abriti

Ou konn entèl Manno? - Wi
Avèk sè bèl literati
Li bouke fè pale de li
Byen ke li pran m pou pi piti

Veye non veye non veye non veye non
Veye non veye non veye non veye non

Afè ou bon Marco? - Non
Bèl sitiyasyon vye fanmi
Trennen dòmi sou galeri
Si m nan lwil gen moun k ap soufri

Ou gen lafwa Manno? - Wi
M prefere kwè nan Jezikri
Lakay li gen le Sentespri
Si m kwè ladan l mwen pa l mouri

Veye non veye non veye non veye non
Veye non veye non veye non veye non
Si w wè m se flè keyi m pou wè
Si w wè m se plè geri m si w kwè