Ou Merite Plis Ke Sa-Roody Roodboy

Genre-Afro/Dancehall
Year-2023
[Verse 1]
Ou konsidere l tankou ti prince charmant
Li ka ba w lò ak dyaman
Li peye tout bill take care financierement
M w pa heureuse réellement
Malgre w ouvè kè w ba li, li toujou ap twonpe w
Malgre respè w gen pou li, li toujou ap blese w
Chak lè l fin fè w kriye ann aprè l pote flè
Bèl pawòl fè w bliye tout mal li te konn fè

[Verse 2]
Li toujou kite w nan kwen pou l al banbile
On dal soufrans ke wap andire
Ak zanmi w lap twonpe w moun ki pi mal pase w
Se maleng nan k ap andire

[Hook]
Ou merite plis ke sa
Plis ke sa
Plis ke sa
Plis ke sa
(4x)

[Verse]
Eksperyans sa – lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe
Sa wap viv la – lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe
Lè l nan lari li pap reponn apèl ou
Menm si l online li pap reponn mesaj ou
Ou pa priyorite l franchman pito w kite
Li k enfidèl poutan se li k pi jalou
Plen bon nèg k ap file w
Ou kite youn ap imilye w
Chak tan nan vi w l ap itilize w
Lè l a lòt fanm l ap minimize w
Se paske l gen lajan pou l ba w ki fè li gen dwa pou l matrete w
Ou son fanm vanyan fò w ka repran dwa w
Fò w pa kite pèsòn rabese w

Chak lè l fin fè w kriye ann aprè l pote flè
Bèl pawòl fè w bliye tout mal li te konn fè

[Hook]

Eksperyans sa – lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe
Sa wap viv la – lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe