Lento-Wendyyy

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2021
Featuring-Durkheim
Lyrics By-Wendy, Durkheim
Li pa gen limit pa gen kè li pa titiye
Ou pa epanye nenpòt kote w sitiye
Ni inosan, ni kiyes ki tiye
Li pa gen baryè li pa konn sa kilti ye

Ou mèt annafè a pa bon w ap konn sitire
Peny ti dan mèt devan w pap konn si l sire
Eh ou mèt fuir ou mèt kouri
Lè cupidon debake ou pap konn si l tire

Se rete w ap rete w ap tonbe plat
Ti kè w ap vin piti l ap tonbe bat
Ou ka menm al achte bag ou mande dat
Aprè w ap pran deception pou w al tonbe back

Li parèt san zatann lè w panse l pa la
Chak moun on cavalier pou danse bal la
Dèfwa pou pa w la vini fò w pase pa la
Li tankou lanmò fò w pase pa la

Ou te mèt te tonbe ou pral tonbe pi rèd
Ahh ou te mèt te kriye ou pral kriye pi rèd
Frè m ou mèt di w pap tounen w ap tounen pi rèd
Ou pa gen chwa frè m s on pasaj oblije w ap tonbe pi rèd

Ou mèt kouri sèmante fè sa w vle
Ou mèt evite
L ap toujou frape san l pa envite
E menm sou konnen w pral soufri
Lèl parèt w ap pran kè w ou ouvri l
San w pa ezite

Ou pral tonbe sou youn ki ba w degou
On lòt ap pran w nan tristès ki fè w debout
Men poutan ou ka kite l pou yon lot ou renmen plis
Ki just wè w tankou yon moun l ap bay 2 kou

Lanmou jodi ka fèw kriye
Men demain li pral fè w souri
Li blese w grav li brize kè w
Yon lot moun pral ede w geri l
Malgre echèk ou yo
Pa jwenn moun ki renmen w non
Menm si lanmou fè w monte le syèl pa do
S on fado hou, ho
Lanmou s on lento li ye

Oh oh oohh
Lanmou s on lento li ye
Oh oh oohh
Lanmou s on lento li ye
Oh oh oohh
Lanmou s on lento li ye
Oh oh oohh, oh ooh
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016