Lanmou Dous Makòs-Vanessa Désiré

Genre-Other
Year-2021
Featuring-BIC

Premya fwa jem tonbe nan je li
Touswit m santil pou mwen


Efè sa m paka esplike li
Son fòs ki twòp pou mwen


Men se yon lanmou ki gon gou diferan
Son lanmou k sweet
Ki rann mwen gouman




Saw banm lan okenn imen pa meritel
E w ban mwen l san mezire


Ou tèlman plen kèm ak on lanmou ki dousss
Fè lòlòj mwen vire
Vire vire


Yon lanmou k trè sikre
Sikre sikre


Fè lòlòj mwen vire


Son dous makos
M kole e mpa kapab bouje
Ou gou dousè

Pyem kite tè, kèm palpite


Nou mèt bal tout defo
Plis nap pale plis map eme l


Lanmoul dous kou siwo o
I just can’t get enough


Saw banm lan okenn imen pa meritel
E w ban mwen l san mezire


Ou tèlman plen kèm ak on lanmou ki dousss
Fè lòlòj mwen vire
Vire vire


Yon lanmou k trè sikre
Sikre sikre


Fè lòlòj mwen vire


Souse sirèt niche babinn
Wi mrenmenw


Tout lot saw tande se bobinn
Wi m renmenw


Santimantalman msoufri dyabèt sikre
Mkontan tankou timoun kap manje dous
nan yon lakou rekre
Msoufri anemi twop move lanmou ki bwe sanm
M’make twop pa sou plas
Yon seri move chwa ki bwè tanm


Jodia mwen vin poze tou dousman
Nan de pla men kèw ki dous tankou yon dous mant


M pase twòp lanmou peze souse
Jodia map chach’on lanmou ladous ki vyen kenep


M pase twòp lanmou mache prese
Jodia mvle yon lanmou twoubadou anba fenèt
Mwen vin ofriw yon lanmou dous lèt
Yon lanmou pwop lejè
Yon lanmou gout lèt


Mwen vin ofriw yon lanmou san zikòs
Yon lanmou san repwòch
Yon lanmou dous makòs


Saw banm lan okenn imen pa meritel
E w ban mwen l san mezire


Ou tèlman plen kèm ak on lanmou ki dousss
Fè lòlòj mwen vire
Vire vire


Yon lanmou k trè sikre
Sikre sikre


Fè lòlòj mwen vire