R.E.D-Barikad Crew

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2012
Produced By-Fred Hype
[Fred Hype]
Hey! Reveye w, li pwal fè jou
Revolisyon an deja anklanche
Èske w pare ? Ki pozisyon w?
Èske w R.E.D

[Brital]
Pa gen moun ki pafè
Pa gen moun ki pa fè
Èske lè w fon peche ou rekonèt li a klè?
Èske w site non Bondye sèlman lè w nan malè?
Èske vi w son destine ou byen ou fè l pa erè?
Èske w R.E.D
Pa gen moun ki pafè
pa gen moun ki pa fè
Eske w pa wè lajan sèvi plis move zafè?
Èske latè vrèman se pa paradi lanfè?
Èske avan w ale de vi w ou ka di ou fyè?

[Bricks]
Kilè w ap klè ak tèt ou
Li lè pou w fè lapè ak tèt ou
Pou nou renmen, frè ak sè nou
Fyè de tèt nou
Fyè paske nou se nwa kanpe vanyan di ou pap viv konsa.

[Brital]
Sa w dwe konnen fòk ou reyèl
Pou simonte kalamite yo fò w lite ak fyèl
Si nou tout gen menm ide nou ka fè demen bèl
Mete w R.E.D R.E.D Ayisyen nou ka fè l

[Izolan]
Nou se pitit lamizè pouki n paka milyonè
Problèm pap janm ka fè nou pè
nou konn sak rele lanfè
Malgre lavi a difisil
Nou kenbe tèt nou nou rete real
Still (BC all day)

[Kondagana]
Revolisyon mantal la fòn aplike l
Depi nou la fò k gen chanjman

[Fantom]
Nan wout la, Mpoko fon ka
Petèt ke se pa mwen k ap fini lit la
Men m ap bat pou m byen jwe patisyon m nan
E lè lavi m va bout, kò a ap resi repoze anpè
Paske m kwè, nou gran nou gen kran pou n goumen jiskobou R.E.D

[Fred Hype]
Kont tout atant
Ayisyen nou fèl pou ou pou listwa
Pou ras nwa ka gen viktwa.

Nou se barikad pou tout tan.
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016