Premye Fwa M Damou-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2020
[Hook]
oh oh oh oh oh oh
oh oh oh oh oh oh
Premye fwa m damou yon fanm konsa

[Verse 1]
M vle pase tout rès vi m avè w sèlman
Lè w pa avè m pou m panse avè w sèlman
Pou m fè jounen ap tande vwa w sèlman
Kò m fè efè men se pou kò w sèlman
Pwomèt fidelite san fè sèman
Mwen fou m damou cheri an n fè youn
Ou pa bezwen pè cheri m se pa w sèlman
Pran men m ban men w cheri ann fè l non
Pa nan 50/50 se san pou san
On lanmou natirèl 100%
No secret between us se konsa nan tout sans
M renmen w natirèlman cheri se pa on kout chans
M pap nan fè eksè m pap nan show off
Nenpòt lè kote w rele m baby m ap show up
M ap toujou la bò kote w baby m ap show w love
Se pa on lanmou piti baby s on gwo love

[Hook]

[Verse 2]
W atire m nan tout sans men sitou sekswèlman
Imajine m ak yon lòt fi m ap tout delete sèn nan
Mwen jwenn tout sa m bezwen nan ou m renmen w sensèman
Si je m tonbe sou fès yon lòt m ap ekskize m klèman
Si w gen dout ke m ap twonpe w reveye w nan rèv lan
Se vye kochman pase w doute sa pa rive vrèman
M ap tou felisite tèt mwen paske m gen gou
M tou felisite w cheri paske w gen gou
Ou renmen m m renmen w, ou genyen m m genyen w
Oh wè cheri n gen gou
Se pa de fanm k ap file m m di yo m wè twoub
Depi lè m fèt malgre m gen de je m pa janm wè dou
Si se pou lòt fi ou mèt kwè m cheri m avèg m soud
Pou ou m son gwo milyonè pou lòt yo m pa gen goud
Tout sa k pou mwen cheri se pa w ou mèt ouvè kò w
M son nèg ki jalou fò w pa twò kale kò w

[Hook]