Demantibile M-Kenny

Genre-Afro/Dancehall
Year-2020
Lyrics By-Kenny Haiti
Wayo e (2x)
BBO
It’s Kenny again
Yeah yeah

[Verse 1]
Pou jan m te fè w konfyans ak kè m
Pou jan w te konn di m je t’aime
Jodya gad sa ou fè m
M pèdi tout cheve nan tèt mwen
M panse lanmou sa te beni
Ou kiton maleng ki pap geri yeah
Pou jan m awoze w ou pa fleri
Ou rache kè m w ale ou kite m peri

[Hook]
Ou demantibile m ou demantibile m
Ou demantibe mwen

[Verse 2]
Ou pa care, pou mal sa ou ta dwe al jije nan pakè
Kounya m wè m fimen m tounen on krakè
Zanmi w di w yo wè m trè mal ou di zafè
Ou fè konnen ke m se pi gwo erè ke w fè nan vi w
Malgre m te bliye tèt mwen pou m prepare avni w
Ou di tout zanmi w yo ke nèg sa pa ka mari w
Menm lè m tande tout bagay sa yo m pa ka rayi w
Oh lord m santi m mare tankou krab
M anvi manje m pa kapab
Apeti m koupe m santi m vle toufe yeah
Menm lè m gen tout bagay m pa konfòtab
Baby ou blese m anpil
Ou konnen w make m anpil
Olye pou w ta pran m pou ap chouchoute m
Ou pito choute m

[Hook]

[Verse 1]
Pou jan m te fè w konfyans ak kè m
Pou jan w te konn di m je t’aime
Jodya gad sa ou fè m
M pèdi tout cheve nan tèt mwen
M panse lanmou sa te beni
Ou kiton maleng ki pap geri yeah
Pou jan m awoze w ou pa fleri
Ou rache kè m w ale ou kite m peri

[Keyboard Solo]

[Hook]