Whappenn-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2014
Li bèl li bèl
L'anfòm L'anfòm
Li byen kanpe

Lanmou sa a bèl kon lakansyèl
Li paka ret konfidansyèl
Chak jou kote w pou mwen se Nwèl
Nan je m cheri se ou k pi bèl
Nan tout ra kwen anba tonèl
Tout moun konnen kouman w se lesansyèl
Avè w mwen vle monte nan syèl al vizite pè letènèl

Mezanmi m'di whappenn
Tonè boule m m'ap mande m
Whappenn
She's driving me nuts
Tonèl kraze m m'ap mande m
Whappen
She's driving me nuts
Wout vi mwen ekri nan pla men w
Lavi mwen trase anba pye w
Mwen te alanvè ou vire m ou fè m vin dwat
Lanmou sa a s'on pòt san seri
Yon mizik ki sonnen nan kè
San bato l travèse lanmè
San paspò li fè tou la tè

Mezanmi m'di whappenn
Gad jan yon fanm vini pou l dejwe m
Whappenn
Manzè sa a ou ta di s'on siwo li ye
Whappenn
Chak jou solèy leve l'ap fè m reve
Whappenn
Mezanmi gade jan m finn krezi

Se rèl o
Lè w tande l'ap pase tout je vire gade

Li bèl li bèl
L'anfòm L'anfòm
Li byen kanpe

Li bèl li bèl
Manmzèl anfòm
Li byen kanpe

M'ta monte
Monte nan syèl avè l

I'm crazy for you
So crazy for you
What I'm gonna do
So crazy for you
I'm crazy for you
So crazy for you
Crazy crazy for you
So crazy

Whappenn
Tonè boule m m'ap mande m
Tonè kraze m m'ap mande m
Tonè boule m m'ap mande m
M'ap mande kijan m fè rive nan pwen sa a

It's about to go down like this
What's up what's up
Wagwan wagwan
I'm crazy for you
So crazy for you
What I'm gonna do
So crazy for you
I'm crazy for you
So crazy for you
Crazy crazy for you
So crazy

Whappenn
Got me going crazy yo
Whappenn
Loving you
Whappenn
Can't keep you off my mind
No wonder
Whappenn

Cheri m'telman damou
M'ap mete m ajenou, pou banm ti kal nan ou

No no yea yea
What's up with you baby