Pa Chèche Konnen-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2019
[Verse]
Depi m piti mwen tande y ap di
que un homme averti en vaut deux
men sa depann de ki kontèks e se pa nan tout sikonstans
paske nan zafè moun renmen gen de bagay ou chèche konnen
ki ka lakoz de twoub moral e ki ka fè de gwo domaj

[Hook]
m toujou tande hors de vue hors de l’esprit
depi l pap tuye m m pa bezwen konnen

[Verse]
ou konn nan tout trankilite w
epi w leve yon jou foli pran w
tonbe poze anpil kesyon ke repons yo pa twò plezan
poukisa pou w mete tèt ou nan yon sitiyasyon parèy
gen de bagay yo afime w ke w gendwa pa ka supòte

[Hook]

Ou veye lè m dòmi w pran telefòn mwen pou w ap tcheke
Wape texte tout moun fè kòmsi se mwen k ap pale
Nenpòt sa w dekouvri chèche on jan pou w kapab jere l
Ou pi mal pase yon ajan sekrè

Ou pa FBI men w bezwen veye m
Ou pa ajan sekrè ou vle kontwole m

Bagay sa pa ka fèt

[Keyboard]

[Choir]
Se pa tout sa k pase pou w ta chèche konnen
Gen de bagay ki fin rive si w pa t konnen ou t ap viv pi byen

Depi w ape chèche – pa vin di m anyen
Depi w ape fouye – pa vin di m anyen
Sèke ou ka jere – pa vin di m anyen
Degaje w pa menm pale – pa vin di m anyen
Gen sa w chèche konnen – pa vin di m anyen
Ki konn emmerdement – pa vin di m anyen
yo konn plus deraje – pa vin di m anyen
olye key o ka fikse

[Guitar]
FKD

Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm Facebook mete – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm IG ap bay – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm snap la mete – gade pwoblèm
Yo fè moun pa byen – gade pwoblèm Nu-Look mete

[Guitar]

Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm Facebook mete – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm IG ap bay – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm snap la mete – gade pwoblèm
Yo fè moun pa byen – gade pwoblèm
gen moun ki rive separe

fòmul pa m nan se hors de vue hors de l’ésprit – pa bezwen konnen
pa vle anyen vin ajoute stès nan lavi m – pa bezwen konnen
pa bezwen konnen oh pa bezwen konnen – pa bezwen konnen
di m pouki pou m poze w kesyon ki pral deranje - pa bezwen konnen
dèfwa moun yo ekzajere menm pou yo fè w mal – pa bezwen konnen
yo konn di w des bagay ki pou blese w – pa bezwen konnen
yo konn di w des bagay pou fè w kriye – pa bezwen konnen