Enseparab-T-Vice

Genre-Konpa
Year-2019
[Verse]
Pa rete lwen m
Distans konn pran plas renmen
Ou iranplasab
Sa vle di nou enseparab

[Verse 1]
Pa gen lontan ou tap kesyone m
Ou kwè ke m ap reviv ankò
Se pi gwo enkyetid mwen
Mwen te pansyan mwen tap priye
Pou lanmou ban m men ankò
Se pi gwo dezi m te gen
Depi w antre nan vi m
Ou fè m M ap fete
Souvan banm pote jou nan obskirite
Li pa fasil pou m santi m konsa
Feeling sa dwe rete la
Lè w pase men sou mwen
m santi m reyanime tout selil andan mwen

[Chorus]
enseparab, nou enseparab
lanmou n mèt pliye l pap kase
n ap renmen jouk souf nou koupe
enseparab, nou enseparab
lanmou n mèt pliye l pap kase
n ap renmen jouk souf nou koupe

[Keyboard]
gad jan on lanmou enseparab

[Verse 2]
m pa konte chans ou fè kè m konfyans
je fèmen m ap swiv ou, ou pap lage nan twou
ou kenbe m ou sere m – epi
ou anbrase m
s on kouran k travèse m li vinn elektrifye m
s on santiman ki resipwòk e li pa la pou yon epòk
tout bagay sa yo fè m santi sa s on lanmou enseparab hey

[Chorus]
enseparab, nou enseparab
lanmou n mèt pliye l pap kase
n ap renmen jouk souf nou koupe
enseparab, nou enseparab
lanmou n mèt pliye l pap kase
nou damou nèt ale

[Keyboard Solo]
Vice 2k, ok
Cheri m pare pou m renmen w – pou lètènite
Men frèt kach la

Zafè, zafè – kitemele m ak moun sa yo
Yo te mèt di m se nèg on sèl fanm zafè yo – kitemele m kitemele m
M pa kyè, m pa kyè – kitemele m ak moun sa yo
Tande sa pa alamòd ankò zafè yo – kitemele m kitemele m

Gad jan on lanmou pote m ale
M damou, m damou

Zafè, zafè – kitemele m ak moun sa yo
Yo te mèt di m se nèg on sèl fanm zafè yo – kitemele m kitemele m
M pa kyè, m pa kyè – kitemele m ak moun sa yo
Tande sa pa alamòd ankò m pa kyè non – kitemele m kitemele m

[Chorus]
enseparab, nou enseparab
lanmou n mèt pliye l pap kase
n ap renmen jouk souf nou koupe
enseparab, nou enseparab
lanmou n mèt pliye l pap kase
n ap renmen jouk souf nou koupe