Lè W Pa La (Remix)-Vanessa Désiré

Genre-Konpa
Year-2020
[Verse 1]
kote absans ou toumante m
se lè m leve mwen pa wè ou nan kay la
santi chalè kò ou manke m
se lè mwen wè mwen kouche san ou nan dra
menm si n nan telefòn tout la jounen
sa pa anpeche pou m pa sonje w
santi m ta genyen w tout la jounen
bò kote m sèlman pou m ta gade w
mwen kontan m gon moun tankou w nan vi m
ou se sèl rezon ki fè m souri
e dè fwa, mwen santi m modi
paske m pa pi pre pou m ka jwi w

[Chorus]
lè ou pa la – lavi m san sans baby lè w pa la
mwen santi m san defans baby lè ou pa la - lè ou pa la
Ou manke mwen lè ou pa la
santi m toumante lè w pa la
mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la - lè ou pa la

[Verse 2]
tankou tout moun ki renmen
ou ta vle wè ou tout tan bò kote mwen
pou chalè kò w ak chalè kò mwen fè lanmou tout jounen
pou w toujou la pou mwen
pou m tande vwa w k ap di m ou renmen mwen
sa fè m mal, chak jou w leve w pati
absans ou fè tèt mwen pati oh oh baby

[Chorus]

[Bridge]
tèlman m santi m byen lè m avè w m paka dispoze w
paske se ak chalè kò w lanmou mwen kapab rechofe
nan je w, mwen wè bonè m
nan bra w, m pa konn doulè
tanpri baby pa ale lwen mwen

[Keyboard Solo]

[Chorus]

[Outro]
Lè w pa la
Baby lè w pa la
Baby lè w pa la
Lè w pa la
Lè w pa la – pa ka manje
Baby lè w pa la – solèy pa leve
Baby lè w pa la
Lè w pa la