Lajan M-Sweet Micky

Genre-Konpa
Year-2017
[Kè]
Lajan m ak madanm sa m pito
Valè mizè m pase m pito lajan mwen
Lajan m ak madanm sa m pito
Valè mizè m pase m pito lajan mwen

[Verse 1]
Avèk lajan m si m grangou m a manje
Avèk lajan m si m malad m a trete
Avèk lajan m a woule yon bèl oto
Avèk lajan m si m abiye fre kou yon zwa

[Kè]

[Verse 2]
Avèk lajan mwen gen dwa vwayaje
Avèk lajan m bwè bweson mwen jouk li jou
Avèk lajan fanm kite m mwen ranplase l
Avèk lajan si m mouri ya antere m

[Koral]
Kale m lajan mwen
Ban mwen lajan mwen

[Verse 1]
Avèk lajan m si m grangou m a manje
Avèk lajan m si m sou ya pwoteje mwen
Avèk lajan m si m vle fanm nan m a jwenn fanm nan
Avèk lajan m si mouri m a antere

[Kè]

[Verse 1]
Avèk lajan m si m grangou m a manje
Pou m bwè bweson m se lajan m ki pou kenbe mwen
Avèk lajan m si pou m fete m ka fete
Avèk lajan m si m anvi viv m ap viv byen

[Kè]
Lajan m a madanm sa m pito
Valè mizè m pase m pito lajan mwen
Lajan m a timoun yo sa ou pito
Woyy ayayay Maestro sa mande reflechi anpil
hehehey