Mizik A Jah-BélO

Genre-Other
Year-2005
Featuring-Andy Barrow
Lyrics By-Jean Bélony MURAT/BélO; Music: Jean Bélony
Mizik a Jah

La vi ya se tankou yon boul k’ap woule
ki pa konnen ki bò li prale kanpe
Se tankou yon ti fèy van mennen ale
ki pa konnen ki bò li prale tonbe.

BonDye’w kreye’m
Ou pwoteje’m
W’ou ki gide’m
Ou ban’m la vi
Ou merite
pou’m di’w mèsi.

BonDye wo
W’ou ki wè lwen
Ki tande byen
Ou menm ki pi wo
BonDye wo.

W’ou ki wè lwen
Ki tande byen
W’ou’k konn renmen
W’ou’k ban’m la vi
Ou merite
pou’m di’w mèsi
Wo, ou, wo, o.

W’ou ki ban mwen la vi
Ou merite pou’m di’w mèsi.

La vi ya se tankou yon boul k’ap woule
ki pa konnen ki bò li prale kanpe
Se tankou yon ti fèy vant mennen ale
ki pa konnen ki bò li prale tonbe.

BonDye’w kreye’m
Ou pwoteje’m
W’ou ki gide’m
Ou ban’m la vi
Ou merite
pou’m di’w mèsi

BonDye wo
W’ou ki wè lwen
Ki tande byen
Ou menm ki pi wo
BonDye wo.

W’ou ki wè lwen
Ki tande byen
W’ou’k konn renmen
Ou ban’m la vi
Ou merite
Pou’m di’w mèsi Papa.

Se W’ou ki aprann mwen padone
Se W’ou ki toujou ban’m tou sa’m vle
Se W’ou’k toujou prè pou’w padone
men, se W’ou ki bay ki pa mande.

W’ou m’ap rele
pou W’ou m’ap chante

BonDye wo.