Se Ou Mwen Vle-4mula

Genre-Konpa
Year-2015
[Intro]
Cheri ou fè m dous, ou fè m dous dous
Lè ou manyen m konsa
Cheri ou fè m dous, ou fè m dous dous
Lè w karese m konsa
Baby ou fè m dous, ou fè m dous dous
Lè ou manyen m konsa
Baby ou fè m dous, ou fè m dous dous dous dous
[Verse 1]
Se vre y ap konplote pou sa pa janm mache
Se vre m tande yo pa dakò men lanmou nou pi fò
Sèl Bondye k gen pouvwa pran sa l ban nou
Pa gen anyen sou latè ki ka separe nou
[Chorus]
Se ou mwen vle – a tout defo tout kalite w
Pou ou m ap fou – tout kè mwen se pou ou baby
Se ou mwen vle – jodi demen e pou tout tan
Pou ou m ap fou – mwen renmen w pou lavi
[Verse 2]
Yo mache pale m mal men m di sa pa nòmal
Yo fè tout sa ki ekziste pou lanmou n pa dire
Men yo pa janm konprann sa se istwa nou
Sèl ou menm avèm ki mèt destine nou
[Chorus]
Cheri m renmen w, m damou w, mwen vle w, m ap fou pou ou
Kote mwen byen se nan bra ou
Mwen menm avè w se pou toujou baby
[2x]
[Verse 3]
Cheri mwen vle sa
se Bondye sèl ki konnen kijan mwen ta renmen w la
Lè w bò kote m m santi tout kò m kape tranble la
Mwen ta pase menm sou kò w pou w fè ou fremi konsa
Karese w pou fè kè w kontan
Mwen vle sa
se Bondye sèl ki konnen kijan mwen ta renmen w la
Lè w bò kote m m santi tout kò m kape tranble la
Mwen ta pase menm sou kò w pou w fè ou fremi konsa
Oh konsa
4Mula
[Keyboard Solo]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016