Antre Nan Kay La-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2014
Antre nan kay la (3x)

Antre nan kay la
Vin flannen sou tout kò an mwen
Antre vin rete
Lavi m se bò kote w pou l ye
Viens avec moi où la route commence
On ne finira jamais la romance
Kot lanmou n ka pouse
Kon bèl flè sou la wouze

Antre nan kay ou
Vin blayi sou tout kò an mwen
M'vle tounen nonm sa a
Ke chak jou w'ap toujou bezwen
Viens avec moi où la route commence
On ne finira jamais la romance
Et faire de chaque instant une éternité

Hey hey hey hello
Lòv sa a pran yon lòt nivo
Chak jou l fè kè m vin pi cho
Ou kwè l ka rive pi wo

Antre nan kay la
Layite kò ou jan ou vle
Antre vin rete
Lanmou m se andan w li plante
Bebi m'se nonm sa a
M'se nonm sa w t'ap chache
Tiye m rache m se ou mwen vle
Chak jou se bò kote w pou m ye

Hey hey hey hello
Lòv sa a pran yon lòt nivo
Chak jou l fè kè m vin pi cho
Ou kwè l ka rive pi wo

Ou pa gen lajan w'ap peye (Mèt antre)
Cheri an fè yon lago kache
Pou m chèche w nan tout kay la
Anou fè bri, kraze brize
Nou mèt leve tout katye a

Si you vin fè jouda - n'ap etenn limyè a
Si yo vin fè tripòt - n'ap klete tout pòt
Si yo di nou fin fou - n'ap di gras a lanmou
Kay la te mèt kraze kraze
Se lanmou lanmou k'ap pale
Lanmou lanmou k'ap chante

Antre nan kay la (3x)

Si yo vin fè jouda - n'ap etenn limyè a
Si yo vin fè tripòt - n'ap klete tout pòt
Si yo di nou fin fou - n'ap di gras a lanmou
Kay la te mèt kraze kraze
Se lanmou lanmou k'ap pale
Lanmou k'ap chante
Baby cheri

Hey, hey hello
(Antre nan kay la fè tout sa ou vle)
Lòt lòt lòt nivo
(Dezabiye m fè sa lidè w di w fè avè mwen)
Vin vin vin pi cho
(Ouvri je mwen cheri)
Vin vin pi wo

Cheri, manvi w
Antre nan kay la
Layite kò w cheri tout kote
Antre nan kay la
Antre nan kay la baby
Antre nan kay la
Antre nan kay la manmi