Dane Ra-Olivier Duret

Genre-Konpa
Year-2013

Toujou nan telephòn nou konvèse
N’ap pataje de bèl ide
Pafwa m santi on hit ak bèl pawòl
Bèl melodi pou n fredone
Yon danre ra k pa pouse tout kote
Mwen ta renmen rekolte
Pou ou m’pap sispann ekri chante
Jiskaske souf mwen koupe

Yon ti suk pa detèn se sa ou ye
Yon fanm ki ka jere on fwaye
Mwen vle jwi karaktè w vle bò kote w
Vle pran sant kò w jou kou lan nwit
Avan w vin pwoloje dix ans de plus
Fache avè w bay dlo tankou lapli
Cheri se ou menm ki ban mwen lavi
Evite m tout gwo maladi

[Chorus:]
Lanmou janbe katye li janbe dlo
Kelke swa kote nou ye
Lanmou ka triomphé (lanmou ka triomphé)
Depi nou konvèse nou ka kenbe (Ka kenbe)
Se lanmou ki fè n kanpe
Lanmou ki dirije

Se toujou konsa
Toujou gen ti joure nan yon relasyon
Sitou lè n pap viv menm kote
Yo toujou vle pou boycote lanmou
Se poutèt sa fònn toujou goumen pou n jwenn yon solisyon
Nou gen pou n fè moun sa yo wont cheri
Lanmou sa garanti

Cheri fònn fon ti dialogue
Oh Oh

[Chorus:]
Lanmou janbe katye li janbe dlo (janbe dlo)
Kelke swa kote nou ye
Lanmou ka triomphé (lanmou ka triomphé)
Depi nou konvèse nou ka kenbe (Kenbe cheri kenbe bebi)
Se lanmou ki fè n kanpe
Lanmou ki dirije

Tande
Nou di lanmou pa janbe dlo (se janm vre)
Relasyon konse se fado (se janm vre)
Cheri padone yo souple (se janm vre)
M wè se inosan yo ye
Nou di lanmou pa janbe dlo (se janm vre)
Relasyon konse se fado (se janm vre)
Cheri padone yo souple (se janm vre)
Se inosan Yo ye

Oh oh

Nou di lanmou pa janbe dlo (se janm vre)
Relasyon konse se fado (se janm vre)
Cheri padone yo souple (se janm vre)
M wè se inosan yo ye
Nou di lanmou pa janbe dlo (se janm vre)
Relasyon konse se fado (se janm vre)
Cheri padone yo souple (se janm vre)
Se inosan Yo ye

[Chorus:]
Lanmou janbe katye li janbe dlo
Kelke swa kote nou ye (kote nou ye)
Lanmou ka triomphé (Cheri lanmou ka triomphé)
Depi nou konvèse nou ka kenbe
Se lanmou ki fè n kanpe (depi nou konvèse, cheri nou ka kenbe)
Lanmou ki dirije
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016