San Rezon-Rayy Raymond

Genre-Konpa
Year-2020
Lyrics By-Jimmy Olivier, Rayy Raymond
[Chorus]
Ou vyole konfyans mwen san rezon
Ou mache sou fyète m san rezon
Malgre w te fè m pwomès mwen avè w pou lavi
Gade kijan w trayi m oh

[Verse 1]
Lanmou te avegle mwen
Mwen te pèdi nan ou
Mwen te ka renonse ak fanmi mwen jis pou ou
Mwen te wè lwen pou mwen ak ou
Anyen pat ka stope nou
M pa ta panse on jou ou tap lage menm
Pou m tonbe nan twou
Tout je yo la yap gade
Yap ri nan malè mwen
E anplis yon kè ou kite nan lapèn

[Chorus]

[Verse 2]
Byen souvan ou livre kè w ak tout andan w
Bay yon moun ou renmen pa care sa moun ap di
Ou prè a tou pou li
Men lè l deside ale
Li pa konn sakrifis ou te fè
Ni tou li pap care si l kite w nan lanfè

[Chorus]

[Keyboard Solo]

Mwen ba w kè mwen – ou maltrete l
Mwen ba w men mwen – ou krisifye l
Mwen ba w nanm mwen – ou matirize l
Ou san pitye

Ou fè m mal
Ou fè m mal mal mal
Ou fè m mal
Ou san pitye

[Keyboard Solo]