Se Domaj-Kreyol La

Genre-Konpa
Year-2020
Mwen tonbe sou yon foto w
Yon imaj ki vo mil mo
E se jou sa ke w blese m
Avan ou vire do w w ale
Ou te di m lavi ouvè je w
Ke w te nayiv lè w te renmen mwen
Ke sa pap janm rive w ankò

Se domaj pou lanmou nou
Lavi m avè w pa sa w espere
Men se domaj pou lanmou nou
Si w ret avè m ou pap pwogrese

Men èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w
Eske w jwenn yon moun fè wout lavè w
Èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w
Eske w jwenn yon moun fè wout lavè w

Men se domaj pou lanmou nou
Jodya ou wè m pa sanble w

Men èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w
Eske w jwenn yon moun fè wout lavè w
Èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w
Eske w jwenn yon moun fè wout lavè w

[Keyboard Solo]

Isi Kreyòl la tout moun konn rès la
Tout moun konn rès la
Men bon bagay la

Se domaj, se domaj (2x)
Si w kite m konsa

Ay men men se domaj
Si w kite m konsa se domaj

Eske ou jwenn yon moun ki prè pou l fè zanmi l enmi
Ki sèvi w pou dra blan pou non w pa site nan lari
Eske ou jwenn yon moun ki toujou prè pou l ba w rezon
Menm si se ou k antò pou n pa fache l mande w padon

Ay men men se domaj
Si w kite m konsa se domaj

Eske w ou jwenn yon moun ki ba ou tout pou l ret grangou
Depi l goute saliv ou l santi l byen bouch pa gen gou

[Keyboard Solo]
Se domaj, se domaj (2x)
Si w kite m konsa

Men èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w
Eske w jwenn yon moun fè wout lavè w
Èske w jwenn yon moun pran plas mwen nan kè w
Eske w jwenn yon moun fè wout lavè w

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016