M Pa Kyè-Darline Desca

Genre-Afro/Dancehall
Year-2020
Featuring-Roody Roodboy
Lyrics By-Roody Roodboy
[Chorus]
Pandan nan je ou m pi mal
Gen on lòt ki deyò a ki bezwen mwen
Ou di m m fè w bagay ki sal
Ou di m ou pa wè espwa avni w avè mwen
Si w vle kite m vle abandone m
M pa kyè – ki mele m
Oh m pa kyè – ki mele m (3x)
W ap imilye m, w ap plede blaze m
M pa kyè – ki mele m
Oh m pa kyè – ki mele m (3x)

[Verse 1]
Ou jwe ak santiman mwen Ou fè m pèdi tan mwen
Desann valè m ou pran menm fanm ki pran nan ran mwen
Pèdi lonè m devan fanmi m
Respè devan zanmi m
Ou strese m ou pa sispann blese m
Ou sans état d’ame
Wap mache DM tout fanm sou instagram
Lè m boude m fache ou di m kareman se pa dwa m
Vakans ou te vin pase nan vi m
Menm sou kabann ou pa menm ka pase anvi m

[Chorus]

[Verse 2]
Se mwen k te fè erè m remake ou pat janm mezi pye m
M te aprann viv avè w ak tout defo w, m te reziye m
Kounya ou jwenn on lòt ou gentan bezwen ekzile m
M te fe tout efò pou m te ba w sa w te ekzije m
Fò w reflechi nan lavi sa, ou pa santi w fè twòp pou laj ou
Ou fè neg la pase pou fanmi w e poutan se mennaj ou
Ou trete m tankou yon vye rejè poutan se ou k te pye lejè
Mache apante tout berejèn tout sa w fè m yo la w ap peye l chè
Ou tèlman ban m bil m rele m bilolo
Toujou sou batay sou mete kimono
Sou pawòl anpil sou meli melo
Aprè dezan m konnen w ou gen 2 nimewo
Lanmou n koule kou bato taytanik,
ou tounen on demon espri Satanik
Ou konn di w Delmas epi w Lamalik
Pa vin ban m presyon pa vin bay panik

Ohhhhh – ki mele m
M pa kyè – oh m pa kyè

Ou pa menm ka mennen m sou pik makaya menm
Ah m pa fout kyè
Rale kò w la gatorade ou pa menm dous menm
Ahahaha

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016