Mafia-Kai

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Kenny
[Intro]
Lòt bagay
Oh oh oh

[Verse 1]
Sa pa te dwe rive m
mwen te twò prese pale
lanmou revòlte
jou aprè jou l manifeste
sa pa te dwe rive m
mwen te toujou sèmante
se mwen ki sèl kòk chante
ak yon katoouch lanmou chavire m

[Choir]
ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa
ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa

[Verse 2]
ou pran m ou vire m tèt anba
fè m bliye kiyès mwen ye
ou fè mwen fè bagay mwen pa ta janm imajine
ou fè m antre nan tout vis
ou fè m bliye kiyès mwen ye
mezanmi nan kisa m pran la

[Chorus]
se tankou m nan mafia baby
depi m antre m pa ka soti
se tankou m nan mafia baby
depi m antre m pa ka soti

depi m antre sou kon doulè m ede m kriye konsa
oh oh oh oh – kriye konsa
oh oh oh oh

it’s Kenny again

[Kenny Haiti]
woy m santi m kole wi m pran nan tole
depi lè m tonbe damou
ou fè m vole, ou ki kontwole m
baby pou ou m ap fou
i say love sa soti pou l fè m mal
lè m ap pwomennen chèche ou nan tout blòk
pa ka mennen on vi nòmal
tandiske avè w se kòmsi m te nan dope
santi m an danje – hey
tout kò m ap tranble – hey
menm lè l mare m li anchene m
se la m vle rete
woy m santi m kole wi m pran nan tole
depi lè m tonbe damou
ou fè m vole, ou ki kontwole m
nan kisa m pran la


[Chorus]

[Keyboard]
Kenny Kai, nou f on lòt bagay
Nou fè dekabès
Yon lòt ankò wi la

Mafyozo (4x)

ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa
ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa

yo di blòdè pa konn gen bon kè
se mache bay kou epi met atè
kounya m ap boule limyè wouj tout tan
mwen pa konnen ki pye pou m met devan
ou dekontwole m

ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa
ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa

te kwè se mwen sèl ki mèt la tè
nan fim nan se mwen sèl ki kòm aktè
kounye a se wè m wè m ap pote flè
lanmou sa pran kouto l pike m lan kè
ou dekontwole m