Fè L Ak Tout Kè W-Klass

Genre-Konpa
Year-2016
Produced By-Jean H Richard (Ritchie)
Lyrics By-Jean H Richard (Ritchie)
[Intro]
Alo kiyès sa

Hello manman, hello papa
Yèreswa m te fè on ti rive nan Klass la
Yo tèlman gou, yo chifonnen m ak konpa
M tèlman sou m pa menm ka ekri lèt la, lage
[bis]

Men nou ankò wi

[Chorus]
Klass retounen ankò, men fwa sa n vin pi fò
Nou di mèsi ak tout fanatik yo pou sipò
Gen nan yo ki bat kò, sa fè n fè plis efò
Mizik nou apresye nan palè kou koridò

[Verse 1]
Tout sa w fè nan lavi
Mwen konseye w fè l ak tout kè ou
Kwè nan sa wap sèvi
Fò w sakrifye w epi tann lè ou
Nou bat night nou travay du
se tout nòmal jounen Jodi pou n rekòlte fwi
Nou son ekzanp konkrè pou sila yo ki vle pran wout siksè

[Chorus]

Ou konn poukisa? – paske n ka fè l
Nou konn fè l – nou konn fè l
E n vle fè l – ebyen kite n fè l non

Woy
Yaya flay
Nou kraze kay la, men konpa
Nan moman m pap swiv kadav, ale vwa pou sèkèy
Woy

Woy (8x)
Hi hi hi ha ha ha – se konsa n depoze konpa
Yaya flay – nou kraze kay la
Men konpa

Enzo Larose Nan moman m pap swiv kadav, ale vwa pou sèkèy
Hahaha
Woy (8x)
Koumanman manman
Hi hi hi ha ha ha – se konsa

Tout sa w fè nan lavi, ou dwe fè l a san pou san – sof mechanste
An an – Bondye ap gade
Pou nou te rive la, nou endose tout nanm nou
Se konsa n ye – panzanmpan
Pa negosye

Ay pa betize – fè l ak tout kè w
Si wap eduke – fè l ak tout kè w
Si wap preche – fè l ak tout kè w
Nan tout sa wap fè – ak tout kè w
Sipòte madanm ou – fè l ak tout kè w
Cheri pran swen mari w – ak tout kè w
Lè wap fè lanmou – si wap fè l pa fè l a demi

Tout sa w fè nan lavi, ou dwe fè l a san pou san – sof mechanste
An an – Bondye ap gade
Lè Klass ap depoze, nou fè li ak tout kè nou
Se konsa n ye, pa negosye

Ay si wap etudie – fè l ak tout kè w
Si wap eduke – fè l ak tout kè w
Paste fòk ou preche – fè l ak tout kè w
Kèlkeswa sa wap fè a – ak tout kè w
Politisyen lè wap pran angajman – fè l ak tout kè w

Francisco yo fèk pran kou a tande
Nan moman sa se Klass ki djaz planet la
Junior Port-de-Paix, ak tout kè w

Djaz sa pa gen manti – non
Se san diskisyon – ay
Si w kwè m manti mande fanatic
Se tan pa n, moman pa n se sa k fè w pa ka kenbe l

Pozo bale yo, woy
[Guitar solo]
Anmwey, men konpa

Wo ou oh – egri yo sezi wè n pa poukont nou
Wo ou oh – fanatik yo jwenn fason kenbe nou
Wo ou oh – Bondye nan syèl jire l pap lage nou
Wo ou oh – kikikitel mache
Woy

Ritchie - aya man
Jwèt pou ou

[Ritchie]
Tan pou m fè back – m pito peye pouse m
Olye mwen fè back – mwen pito peye pouse m
Gen bagay ou pa aprann - lè w granmoun
Tankou file fanm – lè w granmoun
Monte bisiklèt – lè w granmou
Epi Souse dwèt – ay

Djaz sa pa gen manti
Se san diskisyon
Si w kwè m manti mande fanatic
Se tan pa n, moman pa n se sa k fè w pa ka kenbe l

Pozo bale yo
Ti medam pran selfie nan djaz la
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016