Chanpyon-Steves J. Bryan

Genre-Afro/Dancehall
Year-2019
Lyrics By-Steves J. Bryan
And this is Steves J. Bryan

Yo Steady
Lajan e likid paper li ye
Lap efase moun Lap efase problem

Yap chache m
mwen mpa wè n
Gad jan n blèm nou pa vo la peine
Mwè’n pa tèm
M konnen w pè m
E si w pa ka pale klè
Ben pito w acht’on antèn
On antèn

[REFRAIN]
Atansyon
Tout moun konnen m son chanpyon
Lè m lage l pa ka pa bon
Pa chache monte mal sou lion
Yo Highmind son relijyon
1+7 la pou tout tan
N tape yo san pèdi tan
Nap met prinsip nap fe lajan
Yo Highmind son relijyon

M ap pete filè rele m Pele
M chaje vizyon rele m Tele
Tankou priz ki makonnen
Yo map fè spak e neg yo mele
Chak sa m lage fè fanm ou gouye
M tande w fache mwen m fèl mouye
M gentan plonje s on pisin
Manzè nasty li bwè larim (manze naaasstyyy)
Tankou toupi m ap bien vire
M chanje katye kou lalin
Steves J aka premiere page
Sa vle di m ap fè la une

Incroyable mais vrai
Nou konnen m inbatab c’est vrai
Yo rele m Kris m ap geri plè
Music en danje m pot lapè

Manmanm nèk tande mizik sa
An verite l rele anmwey
Madam Martine tande mizik sa
Li leve l tonbe fon gouye
Men Shukika tande mizik sa
Epi l fe dada l tranble
Pa gon dj k pa jwe mizik sa
Pou moun pa rele anmwey

M tro cho manyen m ak gan
Chak sa m lage lou ke plon
Rayi lion an di dan l blan
Patrice monte volume nan

Yo jwe mizik sa nan on pomp gazoline
Saw tande l pran dife
Mande ponpis la sak pase
Li di 1+7 li ye

[REFRAIN]

M rantre nan jwèt la
E mwen k an tèt la
M touye nou frèt la
Yo rele m bèt la
M lage pou pèp la
M boule tout fèt la
M kraze tout tèt la
Yo rele m mèt la
Mennen ankèt la
Highmind se sèk la
Nou pa nan fènwa
Na limyè granmèt la
M domine nèt la
Nou okipe syèk la
Non pa gen trèt la
Gen cho gen frèt la
Ret la Hey

Kole w pran pa kole w pran
MC yo yo pran nan zip zip
Flo m malad m paka geri
Doktè a di m sick sick
Lit lit
Tou limen tankou brikè
Nan tout zorèy tankou rimè
M ap met dife vin ak chofyè
M pral kwit kwit

Menm siw ta fon pic a on so
Ou pap janm ka Picasso
E si m ta sou menm beat
M lag’on flo
Pa kite m vin aprè ni avan w
Wa panse yo fe alzheimer
Pou jan yo bliye w
Pa bliye m s’on sniper
San w pa wè sa
Mwen m vize w

Ou met rele m asfalt
Mwen kouvri tout lari
M reyisi kou “les maths”
M gentan pase tout kalkil

Fè sa w vle mwen m inbatab
Yo konnen m enkonparab
Fanatik yo fèk banm grad
Mwen pou kò m m ka ranpli on stad

[REFRAIN]
Nèg yo tèlman renmen m yo rayi m

Highmind baby