Se Sistèm Nan Ki Blo-Mikaben

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Featuring-Kadilak
[Intro]
It’s your boy Mikaben yo
Ayisyen li lè li tan pou n lonje dwèt sou vrè pwoblèm yo
Se sistèm nan ki blo li lè pou n pran konsyans

[Chorus]
Se sistèm nan ki blo
Se pa ou menm ki blo
Se pa mwen menm ki blo
Politisyen n yo ki blo
Pa moun anwo ki blo se pa moun anba ki blo
Men se sistèm nan ki blo dirijan n yo ki blo
Konstitisyon n nan ki blo otorite n yo ki blo

[Verse 1 - Mikaben]
Se vre dèfwa m rete m aji tank on rebèl
Se vre gen moun k ap di m pale twòp verite
Si nou wè m konsa s on bagay natirèl
Peyi m nan fè tout moun gen lespri ajite
Ann chita f on analiz konjontirèl
Pou n wè kote n kanpe pou n wè kot sa prale
Pou dat dosye sa yo rete konfidansyèl
Jodya n vin dekri n lareyalite

[Chorus]

[Verse 2 - Kadilak]
Se sistèm nan ki blo vre se li ki fè n peyi n bloke
Mantalite frè m yo danpe
Nou di n endepandan men nous till soudevlope
Pwoblèm kouran pwoblèm sante
Pwoblèm lekòl pwoblèm manje
Avni jenès la an danje
Pa wè anwo pa wè anba
An nou f on ti pale bidjè nasyonal
M pap envante anyen men tout chif yo deyò
Èske lè n reflechi nou twouve sa nòmal
Pèp la ap mouri grangou nèg sa yo ap manje lò
Nou pa vle pran konsyans nou toujou ap aji mal
Yap gagote lajan leta tribòbabò
Jodi a je n kale bagay sa ilegal
Sistèm nan fin souse n nou pa kapab ankò

[Chorus]

[Verse - Mikaben]
Nou toujou ap tann lamàn k ap soti nan syèl
Nou pa janm prè pou pran responsabilite n
Sistèm nan tèlman rann nou emosyonèl
Ti krik ti krak ou tande n gentan derape
Dosye yo nan lari a se sa k pi bèl la
Men nou pran pòz pa wè yo n pito pa pale
Ipokrizi lachte se sa n gen kòm modèl
Kache dèyè twitter pou nou voye monte

[Chorus]

Cho kenbe tèt frèt
Kenbe peyi n nan kè nou
Anpil lanmou anpil limyè, anpil pozitivite
Pepi n fe sa anpil bagay ka chanje
Sepandan fò n pa pè di verite
Se verite sèlman k ka libere nou
Nou pa vin la pou n lonje dwèt sou youn lòt
Nou vin la pou n ede peyi a avanse
One love

[Chorus]


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016