Pa Panike-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Produced By-BBo Beat
Lyrics By-Trouble Boy
[Verse]
Pandan w ap kriye paske w pa gen tenis
Lòt la ap kriye paske l pa gen pye
Pandan wap kriye paske w pa gen linèt
Avèg men ap kriye paske l pa gen je
Gen sa k ap pleyen paske vant yo twò plen
Gen lòt ki mouri paske l pa manje
Lavi s on kadon aprann apresye
Lè yo di w rapid piga w twò prese
M tonbe m leve m leve m mache
Malgre yo pat vle mediatize m
Albòm nan mache men gen sa ki fache
Kounya gad jan tout media tizè m
Leve bonè epi dòmi ta travay disiplin bay bon rezilta
Tande m tande gwo nèg se leta
depi w gen sajès ou ka jere sa

[Pre-Hook]
yo di m fè maji paske m m tal nan peyi anm
kote m pase m reprezante peyi anm
yo di m fè maji paske m m tal nan peyi anm
kote m pase m reprezante peyi anm
depi w tande ah ah (2x)
depi w tande ah ah

[Hook]
pa panike – oye oye oye
se lè pa m ki rive – oye oye oye

[Verse]
les derniers seront les premiers se bib la ki di sa
m ap fè mizik nan on lòt dimansyon liye afè beef sa
Jisakisyon ban m on lòt tradiksyon pa mande m kisa
Y ap fè soustraksyon nap fè adisyon
Y ap met divisyon n ap chanje vizyon
Cheri bwase ren w m ap bwase kòb Bbo ki fè beat sa
Trouble Boy nèg nan nò Bbo nèg nan sud rapid vit nou ba w hit sa
M pran nan trèt m pran nan ipokrit
Kounya se mwen k ap fè Hip-Hop hit
Chalè pa m monte pa lòt yo desann
Ane sa se mwen k gen pi gwo hit

[Hook]

Di nèg yo m tou dètèmine
Kou malerèz ki gen de timoun lekòl ki vle tou de tèmine
Yo te vle pou m te fini, kounya se non m ki pou defini
Siskè a, yeah yeah yeah yeah yeah
Siskè a, yeah yeah yeah yeah yeah

[Hook]