Jouke M-Relax Compas

Genre-Konpa
Year-2019
[Verse]
Lanmou w pataje avèk mwen
Konble tout vid nan kè m
Vwa ou pante tout nanm mwen
Depi w pa la m santi m pa anyen

[Pre-chorus]
Tankou yon bebe k ap kriye
Se konsa m bezwen prezans ou
Pa janmen imajine yon moman m pase san ou baby
Paske cheri

[Chorus]
Lè w pa la – anndan kè m g on vid kipa konble
Lè w pa la – tout sa m fè de mal tounen kont mwen
Lè w pa la – mwen pa ka kenbe mwen pa ka reziste san ou baby

[Verse]
Prezans ou tankou yon limyè
k ap kreye mwen nan fè nwè
nan vi mwen ou pote bonè
je w fikse sou mwen tout jounen

[Pre-chorus]

[Chorus]

M vle makonnen ak ou
M vle jouke m ak ou
Pou lètènite

[Keyboard]
Jouke m nan bra w

[Verse]
M pa ka enumere sa w ye pou mwen – jouke mwen jouke m
Se manto lanmou ou ki kouvri mwen – jouke mwen jouke m
Mwen s on mouton ou se bèje mwen – jouke mwen jouke m
Mwen vle nou viv yon lanmou san fen

Tout sa w bezwen w pa lage l atè
G on lòt k ap tann ou f on erè
Mwen jouke m ak ou (2x)

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016