Blackout-Klass

Genre-Konpa
Year-2019
[Intro]
Lanmou ban m blakawout (repeat)
Klass again y’all
Nou toujou nan menm address la
Epou yo jwenn li
Listen

[Verse]
Mwen pa ba n manti m gen alkòl nan tèt mwen
Mwen pa sou mwen jis ap jere pwoblèm mwen
Koze pa pou nou men tande m
Sila k pi bon pase m mèt jije m
Mwen gen yon moun m avè l se la semèn mwen wè l
Lè m ap envèstige m aprann li angaje
M te ba l tout atansyon m
Lanmou make mosyon
Chak fwa m panse kite l m santi kouran lavi m koupe

[Hook]
Lanmou ban m blakawout – dèfwa l parèt li disparèt
Lanmou ban m blakawout – pa gen bouji ni alimèt
Lanmou ban m blakawout – mwen di li pa pou mwen l gen mèt
Lanmou ban m blakawout

Bon se mwen k ap eksplike w, tande m

[Verse]
Mwen pa renmen moun fè desizyon pou mwen
Verite boule men w mèt lage l sou mwen
Si m ap riske m konnen m ka soufri
Men m ap asime l si se mwen ki chwazi
Mwen deside konfwonte l pouki se mwen m mande l
Li avwe m li marye men l di m vi l pa konble
Li di m se lè li wè m, li di m se lè l avè m
Li santi l ekziste, si non kouran lavi l koupe

[Hook]
Lanmou ban m blakawout – dèfwa l parèt li disparèt
Lanmou ban m blakawout – pa gen bouji ni alimèt
Lanmou ban m blakawout – mwen di li pa pou mwen l gen mèt
Lanmou ban m blakawout

Fanatik prete m flash
S on lanmou EDH

[Keyboard]
Wayay oh wayay (2x)
Oh ou fè m mal (2x)
Woy se pa ti kou non JBrooklyn

[Verse]
Se pi move kou lè ou pa konnen
W ap tonbe damou nan move chimen
Si l te ban m verite m te ka aksepte
Men kote gen manti lanmou pa fleri
Moun ka soufri

Nan lavi sa chak moun gen kou pa w
Sou ti bout tè sa chak moun gen jou pa w

[Keyboard]
Wayay oh wayay (2x)
Oh ou fè m mal (2x)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016