Reponn Prezan-Mass Konpa

Genre-Konpa
Year-2019
[Intro]
Verite pa ka kache

[Verse 1]
Kilès nan nou ki vle - avni nou pwoteje
Men g on jan pou sa rive – inosan pa peye
Byen pre pa lakay pa vle di nou fin travay
fouye zo nan kalalou
retire pwa lou k sou do nou
se nou k pou sove trip nou pou yon fwa, pou yon dènye fwa

[Verse 2]
eske nou mobilize pou avni nou pwoteje
eske nou pral angaje n pou inosan pa peye
byen pre pa lakay pa vle di nou fin travay
fouye zo nan kalalou
retire pwa lou k sou do nou
se nou k pou sove trip nou pou yon fwa, pou yon dènye fwa

[Horn]
Mass Konpa
Pèp la mande kont

[Keyboard]
Si n vle fè peyi si n vle vanse
Li lè pou n aji sispann pale

Wi fòk nou f on balans
Si twa fwa pa jou w manje lòt la san kolasyon
Nou fè twòp enpridans
Twòp sèvo gaspiye men sa pa fè sans

[Hook]
Tout sa ki gen konpetans – reponn prezan
Moral ak entèlijans – reponn prezan
An nou pa aji ak emosyon – reponn prezan
Lajan de bonne entansyon – reponn prezan

Si nou si nou pa fè balans
Li evidan n pral koz yon gwo evènman
Sa ki koupab ak inosan
Pèp Ayisyen nou ye e nou la pou lontan

Tout sa ki gen konpetans – reponn prezan
Moral ak entèlijans – reponn prezan
Yon apèl ak sa gen konsyans – reponn prezan
Lajan de bonnes entansyon – reponn prezan

Sige
[Horn]
Verite pa ka kache
Pèp la mande kont

Oh non Sila fò w sispann
Tout moun pa ka rele bare
Pa janm gen inosan san jijman
Prèv ak agiman Verite devwale

[Horn]

Pèp la mande kont
Aya
Yes ay
Ayiti avan

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016