Ala De Ka-Zafem

Genre-Konpa
Year-2020
[Chorus]
Mal palan yo, pala m pral pala k yo
M pap toufe, yo k pou boude
Mal palan yo, pala m pral pala k yo
M pap toufe, yo mèt pou boude

[Verse 1]
Nou poko janm kontre pale n pale sou rezo yo
Feeling pase li sekwe nou tou de jouk nan zo
Dezè twazè di maten nou kay kouche sou do
W ap text mwen pandan mennaj ou ak dòmi dèyè do w
Bagay yo pran chèn m pa menm konn sa m pral fè
Ou gentan rive mande m èske m vle w èske m prè

[Chorus]

[Verse 2]
M vin konprann gen anpil moun ki ansanm pandan yo poko
Jwenn koneksyon ak yon lòt moun ki fèt tèt yo cho
Mwen pa remen kòmanse anyen pou mwen pa fini
M pa ka vin reveye lanmou pou m pete kouri
Anpil ezitasyon des bouffés d’émotions
M ap viv nan bon vivan m les fruits de la passion

[Keyboard Solo]

[Bridge]
Volonte m pat pou deranje
Men sa k fè m byen ka fon lòt mal
Eske sa pa janm rive w pou w kwaze fas a fas
Ak reyalite sa

Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa

[Keyboard Solo]
Ooo ooo ooo

Mwen di wòch wòch wòch pa voye
Mwen di dwèt la dwèt la pa lonje l
Moun ki santi li pafè a voye premye kout wòch la
Ou menm ki santi w pat fè a rete avèk sa w kwè a

Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa

Mwen di wòch wòch wòch pa voye
Mwen di dwèt la dwèt la pa lonje l
Moun ki santi li pafè a voye premye kout wòch la
Ou menm ki santi w pat fè a rete avèk sa w kwè a

Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa
Mwen di kimele m ala de ka papa
Kilès ki ka jije m ala de ka papa

[Keyboard Solo]
Oooo oooo ooo
Ebyen Zafèm sa son koz
Kite l mache

[Guitar Solo]
Yeah
Cheri a kenbe m kenbe m vi

[Keyboard Solo]
Chei m konnen m pa on moun ki dirab
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016