Limyè-Talie

Genre-Other
Year-2018
Produced By-Nathalie Cerin, Scott Stitzer
Lyrics By-Talie

Gen jou m ka kenbe l nan men m,
Tankou on ti papiyon ki pè seren.
Men lòt jou, m santi l twò lwen m.
Li pati l disparèt kòmsi m pat jan m wè

Si g on limyè ki klere pou mwen.
(Pran men m nan vini m, pran men m nan ale m, pran men m nan rive m)
Si g on mirak ki sere pou mwen

Eske g on limyè ki klere pou mwen?

Eske g on mirak ki sere pou mwen?

Men m konnen m kwè nan lanmou
M pa gen dout sou solèy ki briye lè l fè jou
Wi mwen kwè nan mizik (yeah)
Tout bote sa nan vi m
ta sanble sa vle di

Wi, g on limyè ki klere pou mwen
(Pran men m nan vini m, pran men m nan ale m, pran men m nan rive m)
Sanble g on mirak ki sere pou mwen
(Pran men m nan vini m, pran men m nan ale m, pran men m nan rive m)
E si g on fòs kap e goumen pou mwen
(Pran men m nan vini m, pran men m nan ale m, pran men m nan rive m)
Si g on mirak ki sere pou mwen
(Pran men m nan vini m, pran men m nan ale m, pran men m nan rive m)

Pran men m nan vini m, nan ale m, pran men m nan rive m
Pran men m nan vini m, nan ale m, pran men m nan rive m

Eske g on limyè ki klere pou mwen?
Repons lan pa toujou fin klè.