Makawon-Young Slay

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Lyrics By-Young Slay
[Verse 1]
Plis ke 200 tan ugh
Nou still depandan ugh
N’ap tan lòt nasyon ugh
Pou vin fè nou don ugh
Ayayay ugh
Nou gen gouvènman, ugh
Gen konstitisyon ugh
Pa gen edikasyon ugh
Ayayay ugh
Chomaj, koripsyon ugh
Gen malnitrisyon ugh
Gen pwostitisyon ugh,
Ayayay

[Hook]
Ayayay, bagay yo myèl, ba’ay yo Makawon
Ann fon ti dyalòg, on ti refleksyon
Ann derasine tout move lawon (2x)

[Verse 2]
Chaj’ake talan ugh
Pa g’ankadreman ugh
Pa gen developman ugh
Ayayay ugh
Chaj’ake vyolans ugh
Mizè, enjistis ugh
Sa k’ gen vin gen plis
Ayayay ugh
Gen sitiyasyon ugh
K’ fò w fè w’al lòt nasyon ugh
Pran imilyasyon ugh
Ayayay

[Hook]

[Verse 3]
On ti ponyen gen resous peyi a
Pandan majorite ap mouri nan lari a
On ti ponyen ap byen manje
Majorite ap priye Bondye
10,000 NGOs nan peyi a
Adje Bondye pou Adelina
Manman l’ la, papa l’ la
But l’ ap viv nan ofelina
10,000 dola tonbe tchaching (katching)
y’adopte l’ mennen l’ Amerika
Fwaye kraze gadon epidemi,
Jèn Ayisyen oblije al chili
Blackawout, pa gen wout
Salè minimòm 300 goud
Pou w’ viv ou bezwen metòd
Zonbifikasyon a la mòd
2 bredjen pull up sou moto
pow pow vide w’ Bal nan do w’
Inosan peye pou koupab
Gad inosan k’ap benyen nan san
Se konsa l’ ye depi lontan
Enjistis, vyolans, dezespwa
Manifestasyon, boule kay,
Boule katwoutchou dechoukay, ay.

[Hook]