Si-Maestro

Genre-Konpa
Year-2018
Produced By-Ti Ansyto
Mwen fè anpil sakrifis pou nou
Mwen travay nwit kou jou
pou m eseye sove on lanmou
Ou toujou gen on flè pou w voye
Aprè sa ou pi fache machè mwen m dekouraje

[Hook]
Okòmansman se pa sa w te montre m
Ou te pi atansyone – oh oh
Se fwaye k te priyorite w
Cheri w chanje se pat konsa w te ye

Nan Oasis machin mwen boule
Kòman sa fe rive
Ou di m se nan travay ou ale
Men twou manti pa fon vre
Sa vle di kè w gen on lòt lokatè
Ata Steevy Wonder ka wè tout bagay yo aklè

[Hook]
Okòmansman se pa sa w te montre m
Tu étais la femme revé
Mwen ba ou tan mwen ba w lajan di m sa w vle
Cheri w chanje se pat konsa w te ye
Jodya w bote w ale

[Keyboard]
Fanatik Maestro nan nò yo
Nou jwenn

Si w ale a timoun yo
Ou leve a tout sa k chè nan vi mwen
Sa w kite nan kay la
Si w vòle on grenn domino
Kijan m pral fè bat zanmi mwen lè yo vin nan kay la
Mezanmi lavi m konplike

Lavi m konplike
Santi m boulvèse
Lavi m konplike
Konplike cheri konplike cheri oh

[Keyboard]

[Outro]
Lavi m konplike
Santi m boulvèse
Lavi m konplike
Konplike cheri konplike cheri oh