Vyolans Domestik-Wanito

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Lyrics By-Wanito
[Verse 1]
Se yo menm ki bay lavi
se yo k akouche wi se yo menm ki gwòs
ou pap ka fin peye yo
menm si nan mond sa se ou k ta pi gwo bòs
ou pa tap tire kou sou li
si w te konnen avè w li te gen menm fòs
lè sa se te ka machwè w kap fè patomat oubyen ki ap fè sòs
fizikman ou ka fè l mal men fò w konnen li pi blese nan kè l
mak sou po l yo ka geri men vye souvni yo rete etènèl
yon kalòt ou bay yon fi pi chè ke 3.8 milya dola
an palan de sa mezanmi kote kòb petwokaribe a

[Verse 1]

[Chorus]
yo bouke, yo bouke kriye
yo bouke rele yo bouke revòlte
jistis yap mande
nou bouke, nou bouke kriye
nou bouke rele nou bouke revòlte
jistis n ap mande

[Verse 2]
nou menm atò toujou di ke fanm se poto mitan
menm poto sa n ap kraze l n ap abize li toutan
ak vyolans nap di otan ke fanm yo toujou kontan
pwoblem lavi deja ap sakaje yo moun sa yo se bon konbatan
yo pa bèt nap sele n anpeche yo pale
yo fatige kriye yo fatige rele nou fè kwè n pa tande
lè nou leve men sou yo fanm sa ka menm fè tè a souke
kò m si se tankou lanati kap di nou mesye li bouke
yon kalòt ou bay yon fi pi chè ke 3.8 milya dola
an palan de sa mezanmi kote kòb petwokaribe a

[Chorus]