Se Paske M Renmen W-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Featuring-Anie Alerte
Produced By-Magic Touch
[Intro]
Tankou on kòd ki kase ke mwen pat kalkile
Yon zeklè k ap file ki fè syel mwen klere
Mwen pa ta imajine ke sa te ka rive
Pou mwen tonbe damou tout bon vre

[Verse 1]
Lanmou son kout cho lanmou son kout frèt
Lanmou s on kouto ki ka blese w menm pou jwèt
Renmen je femen ak defo ni kalite
Se fè sakrifis san ezite san panike
Menm lè dèfwa nou konn fache
Nou konn fè jounen nou pa pale
Men nou pap kite nwit lan rive pou youn nan nou pa mande
Cheri di m kisa k pase
San pèdi tan n rekonsilye nou bliye tout sa k te pase

[Chorus]
Se paske n renmen
Si w wè m toujou ap rele w chak segond map di w ou manke m
M anvi avè w m vle goute w
Se paske m renmen w
Pami tout nèg ki tap koze cheri san reflechi se ou kè m te chwazi
Ou mèt kwè mwen baby
Se paske m renmen w
Si w wè m toujou ap veye w toujou la pou m pwoteje w
Fè jalou pou nèg k ap gade w cheri
Se paske m renmen w
Depi w tande zye m tonbe nan zye w si m ap pran poz pa vle gade w
Met kwè mwen
Se paske m renmen w

[Verse 2]
M renmen w ak tout kò m m renmen w ak tout kè m
M renmen w ak tout mwen menm m renmen w ou mèt kwè m
Cheri ou pa bezwen pè di m anyen paske m pap pèdi w pou anyen
Menm lè dèfwa nou konn fache nou konn fè jounen n pa pale
Men mwen avè w déjà mare menm si n fache cheri ou konnen n pap ka separe

[Chorus]

[Outro]
I love you love you love you love you boy
I love you boy
Mwen renmen w tou
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016