Remise à Ses Parents-Wanito

Genre-Other
Year-2018
Featuring-Rutshelle Guillaume
Produced By-Manno Beats
Lyrics By-Wanito
Kiyes sa
Madan Pierre se Wanito
Men pouki tout frape sa m ap vini

[Verse]
Madan Pierre mwen vin kote w
G on bagay pou m eksplike w
Pa gen anyen m ap pèdi w
Si m rete ak pitit fi w
Mwen renmen l anpil
M pa vle gaspiye vi l
W wè si l pa rete trankil
M ap voye l tounen ba ou paske
Nan kay la l neglije l
Tout lajounen lap babye tirepye pou l agase m
Se sou zin l kanpe
Chak jou li nan on rakochay tripotay ak vwazinaj
Lap kase ti rezen
padan rad sal anpile nan on kwen vre
Li pran m pou malandren
pandan m ap redi pou m fè degouden vre
m pat kase ti rezen
chak fwa nap dòmi li pouse m nan on kwen vre
li pran m pou maladren oh

[Chorus]
oh remise à ses parents
m pap pran sa nan men w non
oh remise à ses parents
m pap pran sa nan men w non
se ou ki te leve l
se ou k pou korije l
oh remise à ses parents
opa opa opa kamarad opa
oh remise à ses parents

jan timoun janm te wè nap byen viv jan nou te kòmanse byen
Bon Rutshelle sa Wanito ap di a se vre ?

[Verse]
granmanman pa okipe l pawòl li pa verite
se tafya kap konseye l m pa janm kot kòb li pase
lap antre byen ta li pa bay kòb lap leve kouvrepla
bafle sa l jwenn sou tab la
epi pran vye gita tonbe fè bri nan kay la
nan zòn nan m san respè paske chak jou l sou fè gè
lespri mwen pa janm anpè
mwen te nan erè
si m ret avè l m ap fè kè genlè m ap mete l atè
bagay sa twòp pou mwen
kounya se manman m wap pot plent pou mwen
w deja pa trete m byen
apre sa se mwen wap bay chay pote vre
bagay sa twòp pou mwen
lè w santi koutba pa kouri pran devan vre
sispann akize mwen eh eh

[Chorus]

Bon kiyes pou m kwè la youn ap akize lòt. M pa konn kiyès ki gen rezon kiyès ki gen tò. Pouki nou pa eseye antann nou mezanmi. Heyhey gadon pwoblèm.

Menm on ti afeksyon l pa ka banm
Twazè di maten dòmi pa ka pran m
Genlè pito nou chak gen yon chanm
Paske mwen santi m ap gaspiye tan m
Epi sou mwen l ap planifye pou l vann kay la
Chans pou mwen m gen on zanmi m ki avoka
Mwen di l poze, oh bondye tande on koze

Se pa tout tan ou vle pou m sou san m
Matin midi swa w vle met gòl nan kan m
Genlè pito nou chak gen yon chanm
Paske m santi wap souse tout sanm
Epi moun ki di w mwen bezwen vann kay la
Se yo k maton k ap kraze fwaye sa
De grenn blòk nou redi poze
Pa sèl ou k te depanse

[Chorus]
Remise a ses parents
Manno Beats
Remise a ses parents