Cherie Ann Ale-Dperfect

Genre-Other
Year-2018
Yeah
Yeah eh eh eh

[Hook]
Cheri ann ale
Cheri ann ale la
Pa okipe manmi papi k ap bay pwoblèm
Si papai soti pou l bay pwoblèm
N ap fè ti pakèt nou epi n ap vole vole

[Verse 1]
Mwen tap mache nan katye a
Mwen te kwaze ak ti fanm sa
Pou jan l gade m li kwaze mwen man
M te gentan konnen sa pap ret konsa
Li g on bèl rega e bèl kò
M ap di w fanm sa s on bèl dekò
Li gen 18 m gen 21 m te gentan konnen l ap difisil
Men pou mwen sa pat anyen
Nan koze nan pale mwen
Vin konnen ke se vwazin mwen
Zanmi k te la k tap obsève mwen
M te déjà konnen se pwoblèm m ap chèche bay tèt mwen
Yo di m papa l s on jalou gen pafwa l aji kon moun fou
Mwen di just avan w ale tanpri baby pase m numero a souple

[Hook]

[Verse 2]
Li vin aksepte n ansan m
Tout kote n pase n ansanm
Lè l pwoche ti bouch li bò kou mwen bò jou mwen
Hmm sa mache nan san m
She’s a cutie lady and she makes me happy
The way she moves the way she touch me drives me crazy
Konnen w pa konnen ti fanm sa ki jan m vin renmen li
Konnen w pa konnen ti fanm sa ki jan m vin fou pou li
[Hook]

Wo lo lo wo lo lo bwa m mare
Tande koze wo

[Bridge]
Kounya m kòmanse vin blèm
Nou tonbe nan plis pwoblèm
Ou paka soti vin wè m
Nou paka soti bwè krèm
Mwen santi m bouke mwen kòmanse fatige
Franchman map mande èske se konsa l ap rete

Wo lo lo wo lo lo bwa m mare
Tande koze wo

[Hook]