Bousòl-BelO

Genre-Other
Year-2018
Produced By-Jael Auguste
Lyrics By-Jean Belony Murat
[Verse]
Nou pa ka ret tann ankò
Nou deside pou n fè jefò
Pou nou bay peyi a mwayen pou l kab avanse
Nou pat sanble ak nou ankò
Nou tout gen rezon nou tout antò
Pandan se tan peyi a kap tann nou rekonsilye

[Pre-hook]
Gen resous nou gen fòs ann fè inite
Nou pap janm ka fè nas si nou pa marye

[Chorus]
Avanse, leve peyi a
Peyi a se yon bato
N ap rive, n ap rive ak lafwa
Bousòl nou se libète
Nou kanpe pou n fin ak mizè sa
Lajenès klere flanbo n
Nou klere soti nan fè nwa

[Verse]
Sa fè lontan nou t ap fè back
Nou deside bay kò n de tap
Pou nou ka divòse ak yon sistèm ki pat mache
Kote chak moun f on ti klan
Fè ti lajan
Fè ti magouy pa yo
Plimen la nasyon
Fè koripsyon
Fin ak Pratik sa yo kounya la
Nou deside pou sa chanje

[Pre-hook]
N ap chanje direksyon ak mantalite n
Pou lòt jenerasyon fyè de sa n kite

[Chorus]

Rasanble

[Guitar solo]

Rasanble

[Pre-hook]
Gen resous nou gen fòs ann fè inite
Nou pap janm ka fè nas si nou pa marye

[Chorus]
Avanse, Leve peyi a
Peyi a se yon bato
N ap rive, n ap rive ak lafwa
Bousòl nou se libète
Nou kanpe pou n fin ak mizè sa
Lajenes klere flanbo n
Nou klere soti nan fè nwa