Why Now-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2018
Produced By-Arly Lariviere
Lyrics By-Arly Lariviere
[Verse]
Ou rete tann lè mwen fin febli
Ou ret tann lè mwen pa mèt tèt mwen
Fin asure w ke m depann de ou
Epi w di m sa pap ka kontinye
Wa va sonje angajman m te pran pou ou
Lè tout moun ki chè a mwen te opoze
M te fè la sourde oreille fè chwa de nou
Kòm rekonpans jodya ou vle voye m jete

[Chorus]
Kisa ou reproche m kisa m pat fè
M pa santi m gen kouraj rekòmanse

[Verse]
Mwen bliye tout sa m ye tout sa m vo
Mwen mete orgeuil mwen de kote
Pour que desir ou yo kap respekte
Epi jodya w twouve m envivab
Manten an w di ou santi w kou prizonye
M pa ba w espas ou santi ke wap toufe
Ou menm trete m de dezikilibre
Ala bagay ki di se lè lanmou fini

[Chorus]

[Choir]
I will do anything babe to rekindle what we had
Tell me what to do it’s all in your hands

[Arly]
Mwen ouvè de bra m m ap supliye w
Mwen ouvè tout kè m ou di sa pa anyen
Kòman pou m fè fas a moun sa yo
Ki te yap tann ak pasyans pou jou sa rive

[Horns]

[Keyboard]
Apiye
Nu-Look

Je n’arrive pas à comprendre ce phénomène qu’est l’amour
Plus on le veut plus il nous fuit, je suis confu et perdu

[Keyboard]
Cheri m tèlman renmen w li fè m mal

Mwen pap regrèt le jour m te rankontre w
Ni tout sa nou te fè sof ke m santi m desu
Gade m nan je di m ou pat janm serieuse
Ou pat genyen m nan plan futur w
Aksyon w yo te kalkule paske

Sa fè m mal (3x)
M pa konn jus kilè m ap geri