Pale Pou Tèt Ou-Klass

Genre-Konpa
Year-2018
[Intro]
Pale klè pale cho
Pale vit pale klè pale cho
(Mwen sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò)

[Verse 1]
Yè m al nan on ti party avèk yon zanmi
Nou rankontre yon bèl lady
Zanmi m entèrese men li pè pwoche
Li di m tanpri pale pou li
Mwen bay manzè bèl ti pawòl
Nan tèt mwen zanmi m pral plen bòl
Men manzè gade mwen li souri
Li sekwe tèt li – li souri
Li di m Pipo mwen pral ba w yon ti konsèy
Viens donc mon beau mwen vle di w li nan zòrèy
Sa w tande a li di m

[Chorus]
Pale pou tèt, ou jere tèt ou
Paske se avè w pou m ta ye
Nan bra w pou m ta ye
Pale pou tèt ou Jere tèt ou
Se sou wifi w la m vle branche
Se ou mwen sible

[Verse 2]
Bagay la konplike mwen santi m strese
De pye m pran nan yon grenn soulye
Kijan lap fè konnen se pou li m tap goumen
M oblije pa ka di l anyen
Gad jan mwen pral pèdi yon zanmi - Yon bon zanmi
M pa fè anyen mal mezanmi
Malgre mwen panse mwen ezite
M pa ka reziste
Manzè avwe ke se mwen li te sible
M pat gen lechwa gen chans ou pa jwenn defwa
Ki sa li di

[Chorus]

Oh oh oh oh oh oh
Pale klè pale cho
Pale vit pale klè pale cho
(Mwen sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò)

[Keyboard]
Woy hahaha
Klass anlè anlè anlè nèt, nèt
Ti Joel, di Kèlafè pale pou tèt li
Klass it is baby, yes it is baby
Jojo Henessy, pale

Si lanmou pa gen zo ole
Si lanmou pa gen zo ola

Pouki w pa vle pale pou tèt ou
Se ka moun sa k pral fè bonè w
Se on move sitiyasyon kap fè w pèdi zanmi w
Mete w nan vye pozisyon

Ou gendwa pè desepsyon
Ou pa renmen rejeksyon
Pa pè tonbe nan lavi
Pou sa w renmen fò w soufri
Pouki se mwen k pou pale
W pa enfim ni kokobe
Epi kou sa mal pase
Se sou do m chay pral tonbe

Pouki w pa vle pale pou tèt ou
Se ka moun sa k pral fè bonè w
File moun pou zanmi pa fè sans
Ala rigueur si w vle mwen ka fè w fè konesans

[Keyboard]
Jay Brooklyn pale pou tèt ou
Klass it is baby, yes it is baby
Ouh baby
Epi epi epi epi epi se sa

[Guitar]
Sa w gen la
Klass it is baby, yes it is baby
Mèt pay
Anlè anlè anlè nèt, nèt