Kokorat-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
[Hook]
Èske se ou ki sovè a?
Ou ki vin wete m nan kras la?
Èske se ou ki liberatè a?
Pale avè m (2x)
Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la?
Ou ki gen pwojè ki gen kòb la?
Èske se ou k vin retire m nan lari a?
Pale avè m (2x)

[Verse 1]
Mwen la chak jou m ap gade
Pyeton k ap pase, machin k ap pase
Mwen la chak jou m ap gade
Sivil k ap pase, leta k ap pase
Mwen la chak jou m ap gade
DG k ap pase, ONG k ap pase
Mwen la chak jou m ap gade
Sirèn k ap pase, leswpa k ap pase
Men pèsonn pa mande m kisa m ap fè la

Bonjou sa k vle koute
Non pa m se kokorat
Silvouplè

[Hook]

[Verse 2]
Chak jou m leve m al chache manje
Nan poubèl nan peyi a, nan fatra nan peyi
Si lameri t ap ranmase fatra
Se mwen l t ap ranmase avan kò m dechè nan peyi a
Wi mwen se kokorat la
Rat ki pa gen moun k ap panse pou li a
Wi mwen se kokorat la
Dwadelòm ap pale de li a
Men pèsonn pa mande kisa m ap fè la a

Afè sosyal, reponn mwen souple

[Hook]

[Verse 3]
Twal gaz mwen nan menm m ap siye machin bòs mwen yo wi
Sa k desann vit yo pou ban m senk goud, respè pou yo wè
An atandan m ap li Atik 22 nan paj 13 Konstitisyon 1987 la
An atandan m ap tann politisyen
M ap viv nan mitan asyèt katon ak chyen
Mwen pa fyè de tèt mwen
Mwen pa renmen jan mwen ap viv
Men yo mande m demelegèt mwen
Fò m bwase moun pou m siviv
Mwen reprezante yon danje pou tèt mwen ak tout peyi a
Men genlè otorite yo pa wè sa
Yo kontate ban m 1000 goud pou m bloke lari
Men pi devan se yo m pral bloke si yo wè sa
Èske yon jou lavi m gen pou chanje?
Èske yon jou m ap viv ak diyite?
Èske pitit mwen se la l pral leve?
Èske, èske?

[Hook]
Èske se ou ki sovè a?
Ou ki vin wete m nan kras la?
Èske se ou ki liberatè a?
Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la?
Èske se ou k vin retire m nan lari a?

[Hook]

[Outro]
Dwadelòm se konsa l rele
Lamayòt pou timoun fwonte
Pale avè m (2x)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016