Ou Sou Tchèk-Vayb

Genre-Konpa
Year-2018
Produced By-Benjamin Guirand
Lyrics By-Jean Michel Laforest
[Intro]
O o o o

[Verse 1]
Depi dèyo m ap gade w
Tande w plenyen pou sa k rive w
Nèg ki twonpe w
Èske si m pale avè w (tanpri reponn mwen cheri)
Aswè a m vle w konnen
M pap kite bal sa a sa n pa men nan men

[Chorus]
Yon premye fwa ou di m – non non
Sa pa deranje m
Yon lòt ou di m – non non
M ap kontinye tcheke
Pouki ou di m – non non non
Non non non non
Cheri

[Verse 2]
M ap gade w, w ap gade m
Tèt ou f on bò
Jan w ap karese cheve w la
Ou genlè ban m bò (e e)
Si m pale avè w reponn mwen non (e)
Tanpri soupli pa di mwen non
Aswè a m vle w konnen
M pap kite bal sa a sa n pa men nan men

[Chorus]

[Bridge]
Cheri li pa ta pi grav ke sa
Yon okazyon de plis, pito w wè l konsa
Aprann renmen on moun
Pouki w pa vle di m sa w vle
(Cheri pale avè mwen)
Si w pa sou sa, men si w pa sou sa
Ou genlè poko sou sa

[Keyboard]
Wo o o o (3x)
E e, e e (6x)
Wo…

[Hook]
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w abiye k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk
Cheri w g on jan w danse k fè m fou
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w pale k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk, ou sou tchèk

[Verse 3]
Pou jan m konnen m gason
Cheri w mare nanm mwen
Ou gen on jan w fè m anvi kole
M degaje tèt mwen
Pou jan m konnen m frekan
Ou tòde m kou sèpan
Franchman m poko wè kijan w pran nan
Mwen jis rete m patan
Wo…

[Hook]

Ou genlè poko sou sa

[Keyboard]
Wo o o

[Outro]
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w abiye k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk
Cheri w g on jan w danse k fè m fou
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016