Ekziste-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2019
Produced By-Nickenson Prud'homme
[Verse]
Mwen mete m tou piti devan ou
Tankou yon pechè ki fini fè tout lapriyè l
Non mwen pap pè mete m ajenou
Devan sen yo pou m jwenn yon ti privilèj devan ou

[Chorus]
Si ou pat ekziste
M tap oblije mande Bondye pou l kreye w
Si ou pat ekziste
M tap oblije mande Bondye pou l kreye w

[Verse]
M reve fè lanmou
Pou menm zanj yo vin pran plezi pou gade nou
Mwen vle lè touche w
Pou n wè se pi bèl bagay ke n ka fè tèlman l natirèl

[Chorus]

Ou son lamàn du syèl

[Keyboard]
Gad on kado

Sa pa nòmal - Sitiyasyon m vin enposib
Sa pa nòmal - Depi mwen wè w m santi m anbali
Sa pa nòmal – emosyon pèdi tout ekilib
Sa pa nòmal – li pa nòmal

Mwen vle pase rès vi m an moun de byen
M ap fè tout sa m konnen pou m pase l avè w
Menmsi mwen pèdi tout sa mwen genyen
Depi m genyen w m ap resi bay lanmou legen

Ou son lamàn du syèl

[Keyboard]
Gad on kado