1+1=1-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2008
Featuring-Nade
Lyrics By-Roosevelt "BIC" Saillant
BIC still dizon dife
Nade
Pawòl chante pawòl konprann
Lanmou se zafè bon konprann
Smile bòder sou beat sa'w fèm konprann ke nan lanmou nou pap janm fin aprann
Nan matematik lanmou
Un et un egal un
[BIC]
Ou se piman lè map kraze gwòg mwen
Antivirus ki ka trete bug mwen
Dlo kokoye glase nan tenbal mwen
Bagèt ki kalonnen fèy senbal mwen
Ou se bon kiyè bwa ki pou bwase m
Ou se Pay de fè k' pou dekrase'm
Ou se kout tonnèm, ou se kout zèklè m
Ou se loray boule'm ou se tonnè kraze m
[Nade]
Ou se mitan teren kap jwe nan jwèt mwen
Atakan ki nan sen mèt senkant mwen
Ou se pòy sigarèt dèyè zorèy mwen
Ou se yon kout kòd anba ti vant mwen
Ou se katepila k' demantibile'm
E se avè'w mwen vle fè jibilem
Ou se mannivèl kap mennen lavi
M'kontan de ran dlo de ran larim
Woy woy woy woy
Mwen menm avèw sa fè youn
Woy woy woy woy
Mpa konn konte men m' kapab konte sou ou ti doudou
(2x)
Ou se kle retem, ou se gazèl mwen
Ou se sèl chalè k' ka boule zèl mwen
Ou se kwa manman'm kwa papa'm mpa sa pile
Nenpòt jan'w mache se dèt kap anpile
Ou se marijann mwen
Ou se nonm mwen
Daminjann mwen
Ou se tè jenjanm mwen
Ou mete fren nan vi bing bang mwen
Tanbou k' ranmase kata nan bann mwen
Ou se piman zwezo ki tranpe nan pikliz mwen
Ou se klòch ki karyonenn anndan legliz mwen
Ou se papim, ou se trankilite kabès mwen
Ou se lavi'm ou se nimewo adrès mwen
Ou se pam pam pam pam pam
Ou se bòy ki nan pwa m
Ou se kle kontwoll kle gòl mwen
Ou fè m chante tankou rosiyòl
Kle de sol mwen
T'es ma guitare – mon micro
Ma feuille – mon stylo
Mon ciel – mon ile
Ma terre – ma ville
Ma reine – mon bouclier
Ma tigresse – mon sanglier
Ma rose, ma dose, ma prose, ma pause
Ou se zo dekabès mwen lanmou k' pete kannkès mwen
Girl ou se minimum mwen bezwen poum ka fèt pakèt mwen
Sitwonèl ak bazilik ki anpeche m vomi
Lè lavi a pote anba nenm tout sa ki santi di
Smile ale di yo
Un et un egal un
Banzai